Gòl La-Beethova Obas

Genre-Haitian Jazz
Year-2010
Lyrics By-Beethova Obas
Ayisyen nou mele
Yon klas politik degrenngòch k’ap mache tèt anba
Yo bliye deviz la, divize se mo dòd la
Nou pran nan pa konprann, nan pikan kwenna
Fòk nou sispann bwè pwa

Nou mele
Si n pa veye degrenngòch n’ap mache tèt anba
An n eduke pèp la, montre l sa k rele vòt la
Lè w'ap chwazi fò w pa fè l konsa, konsa
Pou pa pran nan mera

A 1% ou di ke w lidè pèp la
Padon m’pa konprann kalkul matematik la
Si m manti n’mèt al mande “Fanm Yo La”
Mesye a 1% nou pa la

La jeunesse ap rele
Ouve zòrey nou pou n tande son k nan lari a
Nou maspinen lespwa l
Li gaye, li pèdi vwa l
Li lè mesye pou nou vinn fè mea culpa
Sinon plas nou pa la

Ah si m te rele Beethova Obas,
Mwen ta bat chalbari dèyè tout avadra
Si m t’ap fè politik, mwen ta di sa
“Mesye bliye chèz la, al nan sena a”
Oubyen al fè sinema

Ah sa k fè m mal la, m’paka di n, li la
Pi devan m’pral konn si sa m tande a se sa
Men an pasan kite mwen di nou sa:
Se sou teren a pou n make gòl la
Pou n bare gòl la
Make gòl la
Ansanm n’ap make gòl la