Lavi-Beethova Obas

Genre-Konpa
Year-2010
Featuring-Emmanuel Obas

[Verse 1]
Gen sa ki sèmante devan Bondye yo p’ap viv lòt kote
Gen sa k di kote lonbrit yo mare se la y’ap fè vye zo
Se la y’ap rete
Gen se van lamizè k pouse do yo, yo tonbe lòt bò dlo
Men gen sa k byen ki pa janm manke anyen mezanmi
Kidnapè, chimè fè yo pè, yo kouri

[Verse 2]
Gen sa k di se pitit Kapwa yo ye, yo se brave danje
Gen sa k kraponnen k ta renmen chape
Sa k san viza vwayaje nan bwa fouye
Gen sa k deside tout bon pran lari,
Yo p’ap pè malfini
Poutan chaje lidè nan salon k’ap reflechi
Pa gen peyi si nou pa kanpe pou li

[Bridge]
Chak grenn Ayisyen s’on poto mitan k’ap soutni tonèl devlopman
Li konn Ayiti paka fè anyen
Se Ayisyen ki pou met men nan men
Ak sa k’ap viv byen lwen pou bati Ayiti

[Chorus]
Peyi nou se Ayiti, se nou ki pou fè pou li
Mezanmi an n reyini pou nou ka ba li lavi

Sa n’ap tann pou n met tèt ansanm
Di m kisa n’ap tann
Pa rete tan pou n chita tann
Mezanmi mwen di n

[Chorus]
Peyi nou se Ayiti, se nou ki pou fè pou li
Mezanmi an n reyini pou nou ka ba li lavi
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016