L'Escalier-Pirogue

Genre-Haitian Jazz
Year-1985
Produced By-Hans Peters
[Verse 1]
Lè yon branch bwa tonbe nan dlo
Otan l piti, otan l flote
Lè yon pye bwa tonbe nan dlo
Li ka fè fon jouk tan l pouri
Otan w pi jèn, otan w pi lejè
Kouran lavi ape pote w
Fè gwo gagann, pale anpil
Nan fon w prale jouk tan w fè fil
Lè w gen 4 an ou pa gen pwoblèm
Menm si w pa tèm, w'anfòm poutan
Jouk tan w pran laj, w'ap pote chaj
Dlo lavi ka pouri w, dlo lavi ka beni w

[Verse 2]
Gen bèl bagay, konn gen piyay
Ti pwason ka viv, ti pwason ka mouri
Gen bèl dofen, konn gen reken
Fòk ou pran fòs pou ka goumen
Manje gen digdal, chwazi sa ki bon
Si w pa makiyon ou pa monte chwal
Nan fon dlo gen labou, nan fon dlo gen galèt
Atansyon pou pa fou, wòch konn kase tèt
Ou jenn ti nonm, manje tonmtonm
Tout otan w pa mi, pa jwe ak lavi
W'aprann pasyans, aprann lasyans
Dlo lavi ka pouri w, dlo lavi ka beni w

[Refrain]
Pa eksite w, ti gason manyè pran san w
Pa enève w, lavi a s'on eskalye
Mach pa mach yo monte sa