Istwa Dwòl-BelO

Genre-Haitian Jazz
Year-2008
Istwa 5 jèn gason ki pwan lanmè
Kal chèche kibò la vi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo blije pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen on destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen on sel vizyon
Kite Ayiti fe kap yo pran van pou yale

Ou ou ou ou ou ou
Yo fin ale ou ou ou ou ou ou ou

Jou ap pase, nèg yo sou dlo
Dezespwa te anvayi yo
Pa gen manje pa menm gen dlo
Kè sote te anpare yo
Gen youn ki di pase poul ta tounen
Li ta pito lage kòl bay reken
Li jèn, li nan peyil, li gen 2 men
Chak jou solèy la leve l’ jwen li pap fè anyen

Oou ou ou ou ou ou
Madanm kap plenyen

Ou ou ou ou ou ou
Timoun kap plenyen

Nèg sa yo menm jan avèn
Yo te renmen Ayiti Toma anpil
Yo te toujou nan la pèn
La vi pou nèg sa yo pat fasil
Yo te oblije ale
La mizè la vi chè pouse do y’ ale e

Peyizan ale ale
Komèsan ale ale
Atizan yale ale
Se peyi a kap kraze

Moun anwo ale ale
Machan dlo ale ale
Nèg geto yale ale
Ata ti zwazo yale

Pwoletè ale ale
Pwofesè ale ale
Sitaden yale ale
Mizisyen yo fin ale vre

Ou ou ou ou ou ou

Nèg sa yo pat gen chwa
Nèg sa y opa gen chans

Istwa 5 jèn gason ki pran kanntè
Kal chèche ki bò la vi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo blije pati kite nou lwen
Yo pa menm gen on destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen on sèl vizyon
Kite Ayiti fè kap yo pran van pou yale
O o ye e
Yo fin pati ii yeiyeè
Kite Ayiti
Non non ouuu yo fin pati
Ou ou ou ou ou ou
Yeiyee an an an