Lanmou Nou Pran Dife-Gina Dupervil

Genre-Folklore
Year-1993
[Verse 1]
Sonje jan w tap di m ou renmen m cheri
Lè n te fèk kontre fò n te koze chak jou
Mwen te di w lanmou se tankou de twa mo
Ekri sou sab lanmè vag yo pase yo bwè l
Ou te di m loraj mèt gwonde
Ou te di m tanpèt te mèt pase
E si menm solèy pa leve
Sa pa t ka fè tèt mwen sote
Se sèt fwa doudou w te sèmante
An verite nou pa ta janm kite
Men alimèt pa menm pase lanmou an nou pran dife

[Verse 2]
Ou konnen jan m damou w ou leve w mache
M ta vle kwè m ap rive men pa gen anyen k pi vre
M ta vle rive bliye w malgre sa ki pase
Se devèn ou mete k ap fè kè m chavire
Oh cheri se mwen k konn ki jan m ap soufri
Move tan te pare men lanmou an nou nan lari
Se sèt fwa doudou w te sèmante
An verite nou pa ta janm kite
Men alimèt pa menm pase lanmou an nou pran dife

[Piano]
I love you baby

[Horns]

[Verse 3]
Chak matin m leve m ape tann ou rele m
Changren lamou nou ape fè mwen kriye
Chèche w toupatou pou mwen di w padone m
Odè pafen w ap pede toumante m
Oh cheri se mwen k konn ki jan m ap soufri
Move tan te pare men lanmou an nou nan lari
Se sèt fwa doudou w te sèmante
An verite nou pa ta janm kite
Men alimèt pa menm pase lanmou an nou pran dife

[Outro]
Lanmou nou pran di fe (repeat)