Afiche-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2020
Featuring-Fatima
Produced By-Bbo Beat
Lyrics By-Trouble Boy
[Verse 1]
Ou toujou pran pòz ou pa sou bò m
Lè w we m ak yon lòt fi ou fache
M pa ka fè vi m ap viv pou kò m
m bouke nan ti renmen nan kache
ou fè tout moun konnen n se bon zanmi
men n gen dezan renmen nan kache
m fin prezante w ak tout fanmi m
aprè sa ou di m sa pap ka mache
pou nenpòt ti bagay ou fache ou fè kont men domaj ou pa ofisyèl
m te gentan prè pou m te ba w kè m, m te menm pare pou m te ofri w syèl
pou nenpòt ti bagay ou fache ou fè kont men domaj ou pa ofisyèl
m te gentan prè pou m te ba w kè m, m te menm pare pou m te ofri w syèl

[Chorus]
si se vle ou pa vle m ankò pito m ale
si se renmen w pa renmen m ankò kite m ale
se pa vle m pa vle w ankò, m pa vle w afiche w
se pa renmen m pa renmen w ankò, pa vle w afiche
kite m ale (2x)

[Verse 2]
tout kote m pase m te afiche nan poste foto ou adikte
tout kote n ye vle etale n ou pa ban m tan pou m reflechi
relasyon n piti l pako grandi ou vle sosyete a fè n krazy
nan pale, kòmante, ridikilize nou si sa pata mache baby
si foto n efase
mwen vle w, mwen renmen w
men mwen pa vle afiche
m pa vle afiche, m pa vle afiche

[Chorus]
si se vle ou pa vle m ankò pito m ale
si se renmen w pa renmen m ankò kite m ale
se pa vle m pa vle w ankò, m pa vle w afiche w
se pa renmen m pa renmen w ankò, pa vle w afiche
kite m ale (2x)