Yo Hype-PIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2022
Lyrics By-PIC
[PIC]
Se toujou lè w etenn y ap wè kòman w klere
Sèl kreyatè k ap konprann kòman w kreye
Se vre m pat menm ekri w pou mande w kòman w te ye
Pa on tweet menm on pòst ou m pat menm kòmante
M tap kiltive ògèy pou m pwouve m pa ka pedan
Twòp sa k pa konnen met bouch ki te fè m pa ka pe dan
Men m te bliye tout tan m genyen w mwen pa ka pèdan
Men se domaj jounen jodya n pa ka ratrape tan
Ou te ouvri m le bra lè pa m yo te pandye
Ou te prete m zepòl ou lè te dlo nan je
Ou te fè m kwè m ka pran on makèt lè m te bezwen manje
M pat rann kont m tap goumen ak pwòp tèt mwen lè m te bezwen vanje
Non m pa chanje se toujou menm mwen menm nan
Menm tèt diksyonè ou kreye ak menm grenn ki plen menm nan
Sa w fè konfyans pou li wap kreye pi gwo beat la
Ak menm tanperaman k pa w ba w rest in peace ipokrit la
Ou te di m wap ban m bra men men w pap jan ka nan men m
Si m nan ekip ou menm sou ban yap ban m katon
Ou te di m tout tan w la yo pap janm ka manyen m
Domaj mwens ke yon mwa wale yo gentan anvi ban m baton
Anvayi ak yon mixtape, separasyon son mistake
E tout moun di m m pa sonnen menm jan lè se pa ou ki mikse m
Duo hors pair nou te yon dream team
Nan tou lè ka m ap still sonje w koupab ou viktim

[Chorus]
Yo Hype wale e e e
Fred Hype wale e e e
Big man wale e e e
Yon jou na rewè ankò