Espwa Yo Ale (Jeune)-Lil Peter

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2024
Lyrics By-Colas Peterson (Lil Peter)
Jeune (Espwa Yo Ale)
by Lilo Peteur (Lil Peter)

[Intro]
Mwen pata renmen pou map grandi nan lari a,
si’m grandi la pral gen move ide,
mwen pral gen ide kenbe zam;
Lèm wè’m paka mande,
lè’m wè’m fè trò piti kòb,
mwen pral rale zam sou moun,
lè sa lavi’m ap pase mal, map mouri bonè,
on moun debyen pou’m ta ye mwen menm,
mwen pata renmen pou’m yon vagabon,
on moun debyen pou’m ta ye;
Mwen ta renmen pou yon moun ede’m,
pou mete’m lekòl,
pou’m yon sitwayen, pou’m tounen yon mekanisyen,
pou’m pa nan bagay dosye lari sa ankò;
Paske lari a, se pa anyen li itil nou,
tann lè’w gran la, al manyen zam, pou lavi’w pase mal.
(Ey yo’w, m’ pap ret nan lari a pou’m fè kokorat man)

[REFREN]
Jènn espwa’w yo ale
Paske’w wè tròp devan je’w ki pa bon
Sou talan’w pa mize,
Men se paske’w pa jwenn okenn ankadreman,
Men di’m kibò souple e
Yon sosyete jènn pa gen valè pral rive
Yo pito ap gade’n, kap degringole
Poutan fri echèk yo nou ye
(2fx)
[Pati 1]
Nou tèlman pa bay bon modèl
Se sak fè’n gon jenès ki pouri
Tout sa’n ofri yo se bòdèl
De bonnes choses nanm yo pa janm nouri
Pou viv isit fòk ou gen fyèl
Sa koz pou peyi an yap kouri
Kounya menm timoun nan fè krèy
Pou ka fè tèt yo epanouyi,
Men li pat ka otreman
Paske lè yo fè sak bon nan je’n
Nou pa ba yo elan, yo pa jwenn ankadreman
Ti jènn nan paka pa frare si lap viv tròp degrazeman
E ki program serye’n mete pou yo
Oubyen nou vote nan paleman
Yè!
Nou gon jenès ki devwe,
men nou fè tout plan’l yo devye
Si tout bon jènn yo dejwe
Ebyen, granmoun yo echwe nan misyon yo
Kifè jènn devye sou vizyon yo
Si jodi a yap pran yon move direksyon
Pa bliye se nou’k sou gidon yo
Jènn nan pap travay
E pou ba’l yon debouche fòk li bay yon bagay (back chat)
Men li stil ap batay ak lavi
Pou’l wè si la sispann soufri
Si’n pa envesti nan jènn nap fenk kare gen bandi
(Lilo Peteur!)

[Refren] 2fx

[Pati 2]
Nou son fucking jenerasyon tris
Menm lè’w wè nap ri nan foto
Jènn tifi lage nan vann kwis
Pou jwenn j’aime sou rezo sosyo
Jènn ti gason vinn chaje vis
Gen’k kenbe fè, gen’k fè homo
Nan enstriksyon si’n te envesti
Mwens filozòf tap vann loto
(Tap fè taxi moto)
Paske nou boure ak jènn
Ki gen talan ak potansyaliye
E nou full ak sèvèl
Ki gen don kap gaspiye,
Nan lari a chak jou kap siye machinn
Se nan kafou nap fè 5 gdes, nap vasiye lavi’n
Lè’n mande kòb yo ofri’n drug
Yo bann yon fizi kòb job
Nap nwaye kò’n chak jou ak gròg
Poutan lòt peyi pran’n pou God
Yò!
Nou bezwen plis lise ak plis lekòl nasyonal
Konstwi plis inivèsite, olye’w chita wap bay nou zam
Ak 1000 gdes pou al boule kawotchou
Timoun ki nan lari yo fòk nou pran ka yo tou
(Fòk nou pran ka yo tou)
Si’n pa envesti nan spò avèk edikasyon
Nap fenk kare gen filozòf kap fimen bòz sou beton an.

[Ref final] 2fx
[Outro]