Vid-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2022
Lyrics By-Baky
[Verse 1]
M vle pale men m pa ka jwenn mo
Kòm seche tèlman jem fè dlo
Tèlman gen malè ki rive mwen
Tèlman lanmou matirize mwen
Kèm kraze li fè mil mòso
Li fè mil mòso nan ouvri kèm bay moun
K ap kontan wè m kap trepase
M twò nayiv lèm renmen
M ap sakrifyem pou moun
Ki pap janm wè kem fè ase (anmwey)
Chak fwa m ouvri kèm
Mwen viv lanfè
Non fèm rayi lanmou
Pou tout sa n fè m
(Gad sa n fè m)??

[Refrain]
Kèm pa gon tak san ankò (Ouh…houoh)
Kèm pa gon tak lòv ankò (Ouh…houoh)
Paske anndan kèm vid oh
Anndan kèm vid
Paske anndan kèm vid oh
Vid, vid, vid

[Verse 2]
Premye mennaj mwen fè
Se sou ban lekòl
Se premye fwa m pral gen kè m brize
Dezyèm mennaj mwen fèl
Lè m te fèk fòme
Li vwayaje distans fèl kitem
Twazyèm lan manke fèm pran lari
katriyèm t avèm pandanl gen bon mari
Senkyèm mennaj te gen foli fè eksperyans
Yon lòt fanm pranl epi l tou bliyem
Yon Sizyèm te dim li avèm pou lavi
Premye fwa l jwenn yon nèg li damou
Nan al nan chill li jwenn yon dyaspora
2 Semèn yo gentan fè tatou
7, 8 te gon varye
Nevyèm nan mouri pandanm pral marye
Dizyèm nan m okipel
Fanm sa profitem
Epil pran pitit mwen l ale

[Refrain]
Kèm pa gon tak san ankò (Ouh…houoh)
Kèm pa gon tak lòv ankò (Ouh…houoh)
Paske anndan kèm vid oh
Anndan kèm vid
Paske anndan kèm vid oh
Vid, vid, vid

Kèm pa gon tak san ankò (Ouh…houoh)
Kèm pa gon tak lòv ankò (Ouh…houoh)
Paske anndan kèm vid oh
Anndan kèm vid
Paske anndan kèm vid oh
Vid, vid, vid

Nou te ka touyem
Men Bondye pi fò
M pa bezwen n ankò

Nou te ka touyem
Men Bondye pi fò
M pa bezwen n ankò