Atè-Niska

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2017
Lyrics By-Niska
[Intro]
lè bouda fache kote l chita - atè

[Verse 1]
pa vin pale m de nivo gangster w dayè m pa vin nan site w
wap pale de sa w posede wa ta di kòb se li k zonbifye w
fè kòmsi pye w pa janm atè men bwate lè pikan pike w
oh w se pitit gran nèg ki kòb ki ta mele m ak idantite w
si se pouvwa kap mennen w elèv ka mennen on mè
e w te mèt gen foli frekran ret kwè m frekan w pap mennen w on mèd
bitch atè w ye ou sezi,ou kanpe devan m la ou fout lèd
si yo renmen lè m poz bikini m pa responsab si devan yo rèd
shit

[Pre-Hook]
tout sou blòf, tout sou blòf
genlè se sèl mwen menm
tout tonbe poutan m still anlè
genlè m gen zèl mwen menm
bann ti malfini n ap mal fini
n ap pran poul sou tout sa m ap fè
pa fè m trase w tankou yon vèvè
fè w disparèt tankou yon vapè

[Hook]
depi w konen w soti pou w banm pwoblèm - atè
fè zin pale m mal m pa pè fout ou - atè
si w vin kanpe sou wout mwen m ap lage w - atè
mennaj mwen fè jalouzi, mwen lage l atè
atè wo, lage l lage l atè wo (3x)

[Verse 2]
ret tann mwen, genlè w panse m tap ret tann ou
genlè panse mwen m son fanm ki ta pral ret tann ou kite madanm ou
atè ou sezi m lage w, atè konsa mwen jete w
tout lè w te panse m alè w ap fè djòlè kounya m antere w
depi w atè ret kwè m ou atè nèt
w anba on nèg ou anba l nèt
si w ap fè lèd fè lèd fè bèbèl sèl kote wap wè m se sou entènèt
lè m rap m santi saw pran nan beef nou pèdi twò tan
si w chèf ou pa ranje kò w pèp la pap pè pou fout ou atè

[Pre-hook]

[Hook]

[Outro]
m pa jwe lago, m pa nan kache
wo, m lage w atè, m lage w, m lage w atè