Si Yo Vle-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2022
Featuring-Medjy, Steves J Bryan, TroubleBoy Hitmaker
Produced By-Medjy Toussaint & Yohan
[Hook]
Plen nèg ki rayi m gon jan map viv ke yo pa vle
Yo ka di l nan do m men depi m la yo pa pale
Di yo vin kanpe anfas mwen - Si yo vle
Vin kanpe anfas mwen - Si yo vle

[Verse 1]
And this is Steves J. Bryan
Pa monte mal
Tout moun konnen High Mind son relijyon
Pa monte mal
Te gentan di w w anafè a on lyon
Pa monte mal
M pa gen tan pou sak pa enpòtan
Pa monte mal
Si w pa tande m mèt kwè m m ap fè lajan
M pa nan ran nou w ap jape m pap janm reponn ou
M konn ou bezwen atansyon m ou gen menm defo a madanm ou
Ou fè plis bri ke kabann ou lè m sou li li soumi m tou souri
Map toujou rete Trap King kon marathon m lage n nan kouri
Gadon jwèt nèg yo rayi m nèt
E pou tan yap tande m an kachèt (an kachèt)
Fuck it I’m in winning and killing you fakes
And I been the great?st
Middle finger to the hat?rs y’all too contagious
I know you love it you know I’m your favorite
Ti mesye pa bliye bourik pa chwal li ye
Sa ka rive’w panse klere e pou tan w pa briye
Metew en fas mwen se ou ki pral kriye
Nou chita la nap voye shit nou pa gen papye

[Hook]

[Verse 2]
pou w kanpe anfas fò w gen kran, pou w kanpe anfas mwen fò w gen Gang
Pou w kanpe anfas fò w ingenieur sa vle di fò w gen plan
fò w gen nwa yo fò w gen wouj yo, fò w gen jon yo fò w gen blan
Nò sud djaspora tout departman fò w gen piti fò w gen gran
nap pale sou do m lontan men nou pa fouti fon pa
men m konn tanperaman nou m konn nou tout kousi kousa
m chwazi pa fè rap gangstè pa panse m pussy pou sa
pran figi di n pou kouvèti men nou tout pussy m konn saaaa Ah!aah ah
twòp fake gen foli real, be real se sa ki ra
m te gentan smart avan smart phone pa banm J-Lo pou Shakira
rabese on lòt pou plas ou vle istwa K9 ak Fatima
pale sou Do pap fò w konn Re-Mi-Fa-Sol-La-Si
vi w ap toujou mizerab visaj ou ap toujou fas sol rasi Mmh! Hmh!
M pa bay blag ankò (yo ban m koup de lane)
lòt ane m pral bay bag ankò

[Hook]

[Verse 3]
La nèg k ap afwonte
Danble pou w ta antre
Mande si yo pa tranble
La se pa blag k ap rakonte
Tonbe yo bezwen w tonbe
Son jwèt gason pa kanpe
E m konn tout sa n di sou do m men map fè komsi m pa tande
Isit plen nèg kap pran w pou echèl
Echèk li fè l atann pou w refè l
Yon studio fè l pran l pou label
Fè siksèl nan frapon rebèl
W ap chache limyè pou entèl tout lè entèl tap bat pou w etèn
Tout nèg brize kè l yo fè l voye sèl sou sèl nèg ki te prè pou ret prè l
Men di m ki moun
Ki te di m t avèk Niska nan Honeymoon
HMI fè pi gwo fim ke Hollywood