Ban M Lajwa-Emeline Michel

Genre-Folklore
Year-2004
Bondye pa ban mwen chay ou konnen m paka pote,
Beni m ak sa lajan paka achte.
Lafòs pou’m ret kanpe, pasyans pou’m jwenn sa ou sere pou mwen.
Tanpri Bondye, kore lafwa m, beni m ak kè poze.
Ban m la klèvwayans pou mwen kabre danje.
Tout sak gen pou rive, nan pla men w vin mwen trase.

Ban m labondans, grangou mwen wè ase.
Simen lapè lagè ap terase n,
Limen chimen, souple sèvi avè m. A kote tout sa fò m mande w:
Ban m la jwa! Papa, Ban m lajwa!

Bondye, ratibwaze lanvi, la vanite
Depi g on lènmi k ap anpeche’m mache,
ban mwen limilite pou lògèy pa limite m.
Tanpri Bondye, ban’m la konpasyon pou m bay avèk pasyon,
Pou m toujou sonje kòman grangou boule,
Lò gras ou tonbe pou m pa bliye separe.

Ban m labondans, grangou mwen wè ase.
Simen lapè lagè ap terase n,
Limen chimen, souple sèvi avè’m, A kote tout sa fò’m mande’w:
Ban’m lajwa! Ban’m lajwa!
Papa souple ban m lajwa! Tanpri, ban m lajwa!
Mwen di ban m, ban m, ban m, ban m, ban m lajwa

Ban mwen lajwa papa
Voye lajwa papa, voye lajwa

Anmwe m pap mache atè anmwe.
Mwen di m pap mache atè

Lajwa konplèt, lajwa pou m pataje.
Lajwa pou m bay, lajwa de viv, lajwa de viv, lajwa de viv