Ayiti Pi Bèl-Stael

Genre-Folklore
Year-2016
[Verse 1]
nou s on nasyon ki kanpe djanm
nou gon vizyon fò n ale nou pap ka ret tann
volonte avan tou anpil lanmou
wete divizyon nan mitan nou
ann aprann tolere pou sa chanje
nan linyon fè la fòs nou ka rive
kase tout chèn k anpechen demare

[Chorus]
Owe oweeeeeeee ewo

[Verse 2]
nou son pèp vanyan ki chaje talan
si n jwenn ankadreman nap ka pike pou douvan
pataje ak frè nou bay sa k nan bezwen an
men nan men tèt ansanm se konsa n ka rive
ayiti pa m nan se li men m pral voye monte
nou son pèp ki entelijan ki chaje ak bonte
la solèy la toujou klere nou te fèt pou nou viv ere
nan chanjman l nou tout konsène
pou n patisipe se men poun mete poun fè l mache

[Chorus]
Owe oweeeeeeee eo

Nou gen Port Salut (eo)
Nou gen La Tortue (eo)
Nou gen Labadie (eo)
Ki Ka Voyen Monteeeeeee

Nou gen citadelle (eo)
Nou gen Basin bleu (eo)
Nou Genyen Sodo (eo)
Ki Ka Voyen Monte

Nou vle nou vle - Pou Ayiti Vanse
Nou vle nou vle - Pou peyi nou mache
Nou vle nou vle - Ooo Pou Ayiti Vanse
Nou vle nou vle - Pou peyi nou macheeeeee

[Chorus]
Owe oweeeeeee eo