Anyen Pap Rivew-Wanito

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Nou tankou krab nan bokit pou’n monte anlè fòn pase sou yon lòt
Gen plas pou tout moun antre, nou tèlman egoyis nou vle fèmen pòt
Èske’n te vle blan ale yon fason pou nou youn kanpe anfas lòt
Desten nou pa asire, nou se pasaje n’on avyon San pilòt
Mwen wè sa kap chache lavi n’ap entimide yo pou yo pè avanse
Ide negatif la se li ki toujou vini nan panse nou an premye
Nou kanpe an kwa n’ap veye tout ti erè moun fè pou nou ka lapide yo
Nou jwenn plezi nan malè moun nou di tout Sak mal Sann pa konn janl afekte yo
Siw sispann pale moun mal anyen pap rivew
Anyen pap rivew
Siw sispann foure bouch nan sa ki pa regadew
Anyen pap rivew
Siw sispann rabese
Sispann denigre
Anyen pap rivew
Siw sispann kraze peyim
Gache avni mwen
Anyen pap rivew
Papa papa chanje mantalite nou
Papa papa si se satan ki ap jwe nan tèt nou
Papa papa chanje mantalite nou
Oh papa anh anh
Pou bagay w’ap kondane moun non’w ta dwe nan tèt lis coupable
Tout tan se koripsyon k prime nou pap janm gen yon peyi stable
Pou Fason mwen wè nou dezini se Tankou n dirije par Le diable
Ou prefere nou tou 2 pa alèz siw wè pasew mwen pi confortable
Youn pa vle we zafè lot mache
Siksèw ka fè moun ou pa ta panse fache
Sou rèv ou yo ta vle krache
anba souri yo chaje grimas ki kache
Yo pa bezwen gen anyen avèw
pou yo antre nan gè avèw
Se Sak fè Depi’w g’on ti lafyèv
w’oblije doute si se mal yap fèw
Siw sispann pale moun mal anyen pap rivew
Anyen pap rivew
Siw sispann foure bouch nan sa ki pa regadew
Anyen pap rivew
Siw sispann rabese
Sispann denigre
Anyen pap rivew
Siw sispann kraze peyim
Gache avni mwen
Anyen pap rivew
Papa papa chanje mantalite nou
Papa papa si se satan ki ap jwe nan tèt nou
Papa papa chanje mantalite nou
Oh papa oh papa