Jehova-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2010
Lyrics By-Christopher
Jehova

[Intro]
Tande Papa Bondye
Imajine Manman Mari ki ape kriye lè Jezi fèk ale
Kounya ansanm priye
Gade reyalite peyi ou
Ou wè inifye, sèl jan pou n avanse

[Hook]
Jehova Senyè mwen santi m fatige
Sou tè dekouraje
Pa wè kote m m’prale
O Papa Bondye m’bezwen w vin enspire m
Pou m kontinye lite, pou m ka fè sa chanje

[Verse 1]
Nan tout tribilasyon ke m janm pase nan lavi m
Se yon sèl bagay ki sove m se lè syèl la fè m signe
Lè m pèdi m’toujou vin jwenn wout la pou mwen retounen
Bondye beni m, li ban m plis chans pou m ka chante,
M’konnen nenpòt pwoblèm mwen rankontre l’ap toujou fè m soti
Ke m si m bloke, m’anik priye m’wè solisyon vini
Gen de lè m’reflechi m’sonje lè m te bloke nan lapli
Bagay yo te di, mezanmi m’goumen jouk lè m reyisi
Si se pat pou Bondye m’pa t’ap k’ap jamè rive
Se sak fè chak mizik mwen kreye m’oblije remèsye l

[Hook]
Chak tier de l’univers s’on ansyen simityè, alò orevewa frè
Yo mete l anba tè men nan vizyon nou wè l anlè
Messi k parèt la mete m an kòlè, twòp solda ret dèyè
5 è dimaten w’a jwen mwen nan priyè, m’ap goumen ak lisifè
Kout baton kout fè, Satan tonbe atè
Nou travèse rivyè, lot mwayen pi klè pou ede n wè pi klè
Fènwa klere nan tout koulè, nou fè vizyon limyè
Evolisyon sèl solisyon, aba sistèm pwostitisyon
Hallucination, ilizyon lè n te kanpe sou Mòn Siyon
Gade kounya nou Babilòn, san, lafimen, zam kouvri zò n
(?) ranje microfòn avèk fòs yon siklòn
Vire chanje fòm, lam pa bezwen kòm
Ou tande zanj chante
Tank Dahomey, yon lòt jounen nan Lame Libète
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016