Poukisa-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2019
Produced By-Arly Larivière
Lyrics By-Arly Larivière
[Intro]
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa vle renmen m
Poukisa poukisa 
poukisa w pa tchenbe men m

[Verse 1]
A 6 heures du matin w reveye 
Pou di m kijan lanmou kriminel
Ou enkosolab, pat menm ka pale 
Rien qu’à t’écouter kè m ap ronger
Toujou ap kache sa m éprouver pou wou
De peur m pa gacher amitye n
Reyalize ke plis mwen ezite 
Reyalize chans mwen ap diminye
Jodia m vle fè w yon aveu

[Verse 2]
Ou souri, ou di m sispann plezante 
Sa twouble m ke w pa pran m au serieux
Ou di tout gaf ou fè mwen imbu de yo 
Fè w panse w pèdi valè nan zye m
Pa genyen moun ki pa gen yon pase
Erreur de jeunesse pa dwe andikape n
Reyalize se lè w gen volonte
Reyalize ou kapab surmonter
Nenpòt baraj ou kontre

[Hook]
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa vle renmen m
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa tchenbe men m

[Verse 3]
Ou toujou ap rakonte m
Lavi pa janm fè w kado
Nenpòt sa pou posede
Se nan batay pou genyen l
Mwen paka orfri w lesyèl
Mwen pa pwomèt ou richès
Sèl garanti m ap ba ou
M ap renmen w ak tout sa m genyen

[Hook]
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa vle renmen m (por que)
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa tchenbe men m
(Tanpri di mwen pouki)
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa vle renmen m
(Ou inyore tout avans mwen yo)
Poukisa poukisa 
Poukisa w pa tchenbe men m

[Verse 3]
Ou toujou ap rakonte m
Lavi pa janm fè w kado
Ninpòt sa pou posede
Se nan batay pou genyen l
Mwen paka orfri w lesyèl
Mwen pa pwomèt ou richès
Sèl garanti m ap ba ou
Se ke m ap renmen w ak tout mwenmenm

[Keyboard]
Oh oh oh oh
Dadou ti frè m
David gran frè m
Nou wè mizè mwen

[Verse 4]
Cheri pou ou pagen anyen ki twòp 
Pare pou m sakrifye m
Chemen lanmou genyen zepin
Ansanm nou ka eskive yo 
Depi se pou m ran ou heureuse 
Anyen pa genyen pri
Bonheur ou se priyorite m 
A wi se l’essentiel

[Chorus]
Pou eksperyans nou fè
Moment de folie n konèt 
Il n’y a plus rien pou n ap chèche 
Rès wout la fò n fè l à deux 

Epi pa okipe w de sa yo ka rankonte

[Guitar]
Men li papa…wa degaje w
Cheri w kite m la ap gaspiye
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016