Kole-Sweet Micky

Genre-Konpa
Year-2021
Ou ou – kole kole kole
Ou fè m kole sou ou
Kole kole ou fè m kole sou ou
Kole kole ou fè m kole

M debalanse mwen pa sonje ki moun mwen ye
M santi m ap fou paske li pa fè sans ke se mwen sa rive
Mande mande èske se vre – èske se vre
Mande mande si se mwen vre

Li pa fè sans ke lavi m ka chavire san ou ladan li
M santi m ap fou m pa ka dòmi san ou
Pa gen on jou m vle viv san m pa wè w pa bo kote m my lady
M santi m ap fou m pa ka dòmi san ou

Oh baby gade m gade w – ou fè m kole sou ou
Ou fè m egare m pa konn sa k ap pase
Oh baby gade m gade w – ou fè m kole sou ou
Mwen pa vle koukou ankò – ou fè tonbe damou

W ipnotize m lè m premye wè w
Lè mwen gade w m gougou m gaga
Tu m’as touché sans me toucher
Mwen pa kapab non mwen pa kapab

Li pa fè sans ke lavi m ka chavire san ou ladan li
M santi m ap fou m pa ka dòmi san ou
Pa gen on jou m vle viv san m pa wè w pa bo kote m my lady
M santi m ap fou m pa ka dòmi san ou

Oh baby gade m gade w – ou fè m kole sou ou
Ou fè m egare m pa konn sa k ap pase
Oh baby gade m gade w – ou fè m kole sou ou
Mwen pa vle koukou ankò – ou fè tonbe damou

Kole kole ou fè m kole sou ou
Kole kole ou fè m kole sou ou
Kole kole ou fè m kole sou ou
Kole kole ou fè m kole sou ou

[Keyboard]

Gad jan on lanmou bay kou
El Michele
Se sa men konpa
ou fè m kole sou ou

gad jan w fè m gaga
depi m gade w souf mwen koupe
gad jan w fè m gaga
tonnè tonnè boule m mwen pèdi
gad jan w fè m gaga
gade kijan w kouri ak tout kè m
gad jan w fè m gaga
woy woy woy

gade kijan w fè m egare tankou w bebe lala – ah ah ahah
depi mwen wè w mwen tonbe depale men sa ki rive m la – ah ah ahah
lè m wè w mwen rete dan griyen mwen tonbe ri san sans – ah ah ahah
an verite jan m renmen w lan pa senp, ou mete m tèt anba – ah ah ahah

gad jan w fè m gaga
depi m gade w souf mwen koupe
gad jan w fè m gaga
tonnè tonnè boule m mwen pèdi
gad jan w fè m gaga
gade kijan w kouri ak tout kè m
gad jan w fè m gaga
woy woy woy

[Keyboard]
El Michele se sa men konpa
Ou fè m kole sou ou

[Guitar]

Gad jan on lanmou bay kou