Pwomèt Mwen-K-Dilak

Genre-Konpa
Year-2021
Featuring-Bedjine
M pa nwi pou m ranpe nòmalman pou m mete w kanpe
M pa nwi pou m ret san manje ayay depi vant ou plen
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li

M pa nwi pou m mache toutouni baby pou kò w kouvri
M pa gen pwoblèm pou m soufri pou w souri
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li

Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe

Gen sak ban m gwo gagann sa ki blo m aprann
Sa k prezante malè m pou bonè m
Gen sa k fè m pèdi tan m jwe ak santiman m
Fin pwofite m epi yale
M pa ta vle w ban m do lè sa vin chanje
Fò w ta garanti m baby
Espwa m pa nan dlo si m chwazi fonse pou m swiv lanmou nou
Non non non

Oh cheri mwen tou m pa geri hm hm
Anpil kou baby
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li

Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe

[Keyboard]
K-Dilak Bedjine
Chak fwa nou choute nou toujou fè gòl

M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou son lòt moun ki jwaye

Kou pye bwa ann fleri ansanm
Menm si l ta fè nwa ann fè jou ansanm
Pou n ka kreye tout sa n te reve tout sa n te reve
Fò w ta kenbe m si m ta kibilte si w wè m ta bwete
Pa kite m tonbe
Oh non baby, baby, baby baby
Pa kite m tonbe
Oh non baby, baby, baby baby

M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou son lòt moun ki jwaye

Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016