Bradsou Bradsa-Zafem

Genre-Konpa
Year-2023
G’on kesyon’w renmen poze’m
Ou konnen’m pa sere koze
Ou vle’m ba’w pouki rezon
W ap tann eksplikasyon m
Ou vle pou m babye babye ba w

M’ pa ka di si w ap banm presyon
Oubyen si w pèdi konviksyon
Sa mwen gen kòm repons
Mwen ak ou gen men’m misyon
Anyen pap janm kapab separe’n

Ou di ou wè’m chanje
Ou pa ka wè kote’m ye
Ou pa bezwen enkyete’w
Pòs radyo sa’m pap chanje’l
Ou pa bezween ebranle

Defwa’m panse a kanpe
Men gon ti vwa’k di’m kontinye
Cherie mwen dezole
wout lanmou plen ling brize
Ou pa bezwen fache babye la

M’konnen’m bo’w traka fè’w jete dlo
Mwen fè m fè pou ta menm jete m tou
Men sa m fini pa konprann
Mwen ak ou gen menm misyon
Anyen pap janm ka separe n

Mwen konnen nou kapab nou gen fòs ak kouraj
Si nou ka la nou la toujou
M pa konn pou ou
Menm gen anpil lafwa nan nou

Konbyen fwa ou di m wale m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Menm prefere tout sa ke separe
Mwen di nou fèk kare la

Nou nou fèk kare bradsou bradsa se sa l ye
Solèy nan kè n ka briye nou se marasa se sa n ye

Konbyen fwa ou di m wale m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Menm prefere tout sa ke separe
Mwen di nou fèk kare la

Nou nou fèk kare
Kenbe seren lanmou nan kay sa
Bradsou bradsa se sa l ye
Solèy nan kè nou ka leve
Solèy nan kè n ka briye
Nou se marasa se sa n ye

Se sa n ye
Se sa n ye
Se sa n ye
Se sa n ye