Nou Mele-Orchestre Tropicana D'Haiti

Genre-Konpa
Year-2022
[Verse 1]
Wouch! Annou tounen lakay
Nan kisa nou ye la a?
Peyi nou nan mera
Nap viv nan fè nwa
Nan kisa nou pran la?
Sa kap pase la?
Jèn yo pèdi espwa
Yo pa vle ret la
Pwoblèm fè anpil moun pati
Al chèche lavi
Mezanmi nou mele
Si tout sèvo yo ale
Ponntche nan peyi etranje

[Verse 2]
Mwen kriye
Peyi nou mele
Gad jan'n divize
Nou pat dwe bliye
Si Ayiti chavire
Se nou tout ki pral neye

[Refrain 1]
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa

[Bridge]
Devan pwoblèm nou genyen
Nou chita nap kalkile
Kisa po nou ta fè poun soti nan sa nou ye la a?
Mezanmi nou tout ki mele
Nou pa dwe ret bwa kwaze
Si tout fwa n pa ini
Nou pa janm gen yon peyi

[Refrain 1]
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa

[Verse 3]
Fòk nou sipann kraze brize
Mete pou nou mete
Sou sa'k deja egziste
Jèn yo etidye, prepare CV
Yo pa janm jwenn travay
Yo tonbe nan chomeko

[Refrain 1]
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa
Tout bon nou mele nan ti peyi sa
Fòn fè linite pou nou ranje sa

Anpil moun malad monte lopital
Pa menm genyen mwayen
Pou yo ka jwenn menm premye swen (Wo wo wo wo wo)

Ayiti se pou nou tout
Ann fèl mache

[Refrain 2]
Sa fè lontan depi nap goumen
Ann met tèt ansanm
Pou'n rive pi lwen
Sa fè lontan depi nap goumen
Ann met tèt ansanm
Pou'n rive pi lwen

[Verse 3]
Fòk nou sipann kraze brize
Mete pou nou mete
Sou sa'k deja egziste
Jèn yo etidye, prepare CV
Yo pa janm jwenn travay
Yo tonbe nan chomeko

[Refrain 2]
Sa fè lontan depi nap goumen
Ann met tèt ansanm
Pou'n rive pi lwen
Sa fè lontan depi nap goumen
Ann met tèt ansanm
Pou'n rive pi lwen
;

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016