Pran Men'm-Emeline Michel

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Menm si laj mwen janbe kalandriye
Kè mwen, kò mwen pap Janm bliye
Mwen s' on vòlkan 'k pral reveye
Lò zèl ou rive touché syèl mwen
Vini
Ou konnen pran, ou renmen bay
Nou de se byen jwenn, byen kontre
Ou s' on degouden, m s' on senkant kòb
Pèsonn pa gen pou bay monnen
Ouvri pòt bay lanmou antre
Vin' n pale' m de sa wap reve
Pa bloke sou sak te rive ou
S' on lot chapit nap komansé

Pran men' m, mwen prale renmen' w
Pran chans ou, parié sou mwen
Ou se proje' m, ou se plan' m
M' pa prese, map pran tan' m, m, m

Pou ou mwen prale dedouble
Yon fanm fatal, yon fanm total
Nan tout klas ou map redouble
Avè' w map fe yon pwen final, m, m

Pran men' m mwen prale renmen' w
Pran chans ou parié sou mwen
Ou se proje' m, ou se plan' m
M' pa prese, map pran tan' m, m, m

Ou ka lage kò' w nan pla men' m
Ak tout makout, tout istwa' w
Pa kamoufle, pa degize
Ou met vini jan ou ye
S' ou te konnen jan mwen pare
Ak de pou' n al eksplore
Tout ti chimen lanmou ofri, i, i, i

Cheri pran men' m
Mwen prale renmen' w
Pran chans ou parié sou mwen
Ou se proje' m, ou se plan' m
Mwen pa prese, map pran tan' m

Cheri vini, pran men' m
Avanse pa kraponnen
Pran yon chans, parié sou mwen
Pa kanpe, ann al pi lwen, m, m, m
M' pa prese (mwen pa prese)
Map pran tan' m (mwen pral pran tan' m)
Avanse
Avanse pou' m ale renmen' w
Mwen prale renmen' w
Mwen prale renmen' w
Ouuuuuuu