Sa Mwen Ye-Darline Desca

Genre-Folklore
Year-2013
Ou ka frape m ou ka blese m
ou ka fè kòmsi w pa tande m
pawòl ou ka kondane m
men g on bagay ou pap change

ou ka menm eseye achte m
fe strateji pou bloke m
fanmi'm ou ka fe bliye m e e ey
men g on bagay ou pap change

[Chorus]
rèv mwen, konviksyon mwen,
lanmou mwen, pou prochen mwen
ou pap ka change sa! (bis)

si w vle ou ka diskredite m
imilye m anprizone m
petèt ou ka fè touye m
men g on bagay ou pap change

[Chorus]

Si w leve je'w gad sou mòn nan
gen yon limyè, zetwal mwen ka briyeee
rev mwen se sel bousôl lavi mwen
sa k pou mwen (zetwal mwen ka briye)
sa k anndan m ou pap k chanje
sa mwen ye (4fois)

ohhhhhhhh