Fo'n Pale-Masters

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2000
[Refrain]
Fò-n pale mezanmi, fò-n pale (2x)
Men si n' pa pale, n' a toufe
(repeat)


[MC BOP]
M' santi yon bagay ki kenbe-m nan gòj mwen wi
Si m' pa pale, m' ap toufe wi
Mare yo lage mimi, mare mimi lage yo san zenpòtans
Anpil moun ap mache di ke yo se nèg serye
Men w' pa fasil jwenn yon moun pou w' fè konfyans
Magouy, ........................syans
Sa mache anpil pa bò isi
Bodyab Ayiti, kè-m fè-m mal anpil pou pitit li
K' ap konbat chak jou pou yon chanjman de vi
Ala fè ou fè-w bèl gason
Richès fè-w pèdi tèt ou pi mal pase bweson
Les nègres affamés mangeront les grand-mangeurs
Ces paroles viennent du plus profond de mon coeur
Fè byen w' a jwenn ak lavi, fè mal w' a jwenn ak lanmò
Ou di-m mwen wòklò
Fò m' di-w ke m' se yon brav
Yon vrè brav, m' se desandan Kapwa Lamò
M' pa gen dwa pè lanmò
B.O.P. gen yon kreyon k' san gòm
Lè m'ekri, m' ekri pou tout'òm
Respè pou ou monsieur le président
Respè pou nou tout nan palman an
Chapo ba pou gouvènman an
N' oblije reziyen-n, se nou k' te vote
Pa bliye sonje se ane k' ap pase, fò w' ale
Pa met nan tèt ou ke n' ap negosye
Apre lapli se bon tan, apre l'hivers se le printemps
Apre soufrans se delivrans
M' ap tann yon dènye jou, ak la pawòl, m' pwal desann fe-w
Mare senti-n, mare kanson-n sere, lit la fèk kòmanse
Fanm vanyan, gason vanyan, an avan
Tonè kraze-m, m' an sann, m' tande Ayiti deja vann
Hey misye, m' bezwen konnen si se sèl ou k' eritye
Ou menm sèl ki se pitit Jan-Jak Desalin
Men monchè ou twò mean
Kot .... ou a ye la
Ou gaspiye, ou brote, ou deranje, ou gate
O o, fò-m pale, m' ap toujou pale
Yo Smoke, pale pou yo


[Mr. Smoke]
M' konnen n' abitye fè pèp la rive bliye kote yo ye
Pwòp lang nou n' kreye
Pou n' te ka libere anba mechanste
Lòt nasyon ki te gen foli eksplwate
Jiskaprezan poko janm ka rive respekte
N' toujou ap pale menm lang yo ekzije-n depi letan pase
Lwa ap tonbe, chak jou konstitisyon ap vote
Pifò pèp la nan lari ap chache
Filozòf ap mande an angle
Blan debake, kreyòl pa pale
Menm lè ou t'ale lekòl ou paka manje
Nou retire yon avi, nou mete yon eli
Se kòmsi nou te toujou nan dòmi
Foufoun diplome nan kouti, li kòmanse nan fè pakouti
Domaj pèp la pa met rad peyi, se Tommy ak Kal Kani
Li lage kò-l nan lari, nan yon vye faktori. Men ki avni
Pou de timoun li yo k' ap grandi, se gwo zafè
Voye pitit li al etidye an Angletè
Pou yo k' ap vin yon enjenyè, sinon yon granmanjè
Pèp la li menm li nan erè, yo tout fin milyonè
M' konn sa m' ap di a ta kont pou m' al anba tè
But I don't care


[Don Camelo]
Si m' pa plenyen, yo mèt di m' pa yon Ayisyen
Sòf Papa Bondye ki ka anpeche-m pale
Ekonomi peyi Dayiti bese
Lajan se yon sèl kote y' ale kache
Se granmanjè k' ape fè aktyalite
Nou gen yon randevou pou n' ale Salèm
Peyi nou Ayiti Toma gen gwo pwoblèm
Se nèg tèt trese k' ap mete gwo jean sou fès
Yo konsidere plis ki gen move mès
Men yo pa janm wè nèg k' ap vòlè ak vès
Nou vann nan dyab, menm avoka pa valab, jij pa valab
Wi, nou mare tankou yon bann ti Jezi nan po krab
Lajan achte rezon, si w' pa gen lajan ou deja pèdi nan prizon


[Refrain]
Fò-n pale mezanmi, fò-n pale (2x)
Men si n' pa pale, n' a toufe
(repeat)


[Baby One King]
Yo, m' panse ke li lè li tan pèp Ayisyen
Pou nou pike pou pi devan, pou nou fè yon pa an avan
Nou bouke pèdi tan nan fè santiman
Evite abitye avèk premye Janvye
Pou nou sispann bwè nan bouyon rechofe
Eske nou konn kisa sa vle di lè nou pran
Nan yon kout lyon ki degize-l an brebi
Sa vle di kay la gen dwa plen blan
Byen blan ranpli avèk blan abiye tou de blan
Epoutan sa pa vle di l' blan pou sa
Bon ki pawòl sa, ki koze sa, ki lòbèy sa, mezanmi
Detronpe-n, reveye-n, louvri je-n, dayè nou pa nan dòmi
Ni nou pa timoun piti ki fèk ap vini
Grasadye, de je-n kale nou wè, n' tande
Fason yo maltrete nou, jan yo imilye nou
Yo kale nou, tiye nou lè yo vle, men di-m sa ou vle
Kouman ou vle pou mwen menm avè-w negosye
Menm manje nou paka manje, lavi chè ap ogmante
Sepandan, fòs de lòd yo kontinye ap miltipliye
Tout kote toujou gen ensekirite
Donk m' ap mande ki lòbèy sa, kote bagay sa prale
Jenès au chommage nèt ale, tèt kale
Ou diplome, ou fini lekòl, w' aprann metye-w nan fakilte
Chak maten ou leve w' ap kalkile, ou oblije rete de bwakwaze
Ye, w' ap reflechi sou lavi-w
W'ap mande Gran Segnè a kijan demen sidyeve-w ap ye
SI w' tande peyi a pa pou vann
Epi w' tande peyi a deja vann ak blan
Antouka Baby One King di'n lavi-n fini nan Pòtoprens
Afè k' gade nou si nou kouri al negosye a jan de moun sa yo m' wè la
Dealer lide sa yo, machann peyi sa yo
Ki lage-n nan sitiyasyon k' difisil de jou an jou k' ap vin pi frajil
A chak fwa yo louvri bouch yo yo pale de l'union
C'est la division qui règne à deux million pour cent


[Brake]
Talè m' pa konprann sa k' ap fèt la
Tanpri fè-m wè nan ki paj nou ye nan listwa sa
Di-m sa m' ap viv a je-m lan si l' nan reyalite
Oubyen se reve m'ap reve pou pwòp pitit tè a trouve nanm li dejwe
Alò yo fè kòmsi n'bliye si lè bourik fè pitit si se pou do'l poze
Pwòp frè-n trouve siyen pou n' kontinye monte maswife
Y' ap menm rann nou konolize
E sou lis nou sèjousi, resif sanlè pran dife
Pòch yo boure, malèt yo chaje
Chak jou youn monte apre l' fin pran pal la l' demisyone
Pèp la pa ka manje poutan chak jou lakay yo yo jete manje
Chak jou m' tande peyi-m ap mande prete
Kòb sa yo pa janm gen anyen yo regle
Tout se nan pòch yo y' ale
OK, ou gen pouvwa, tout sa w' fè bon
Paske granmèsi chyen se gwo kout baton
Se pa nou k' ta dwe pran kochon
Pou n' ap montre-l met kalson, m' ap pale pou bon
M' konn apre sa se swa yo touye-m oubyen m' lage nan mawon
Elas, nou t' ap kouri pou lapli n' al tonbe nan larivyè
Kounye a l' bwote nou tankou n' se kras
E kiyès nan nou nan moman sa ki ka fè de bras
Lasirèn, labalèn, onè peyi-m neye nan fon lanmè
A cause de nos propres frères, ala de traka pou bale kay tè
Poutan la parole de nos ancêtres:
“Dans nos rangs poing de traîtres, du sol soyons seul maîtres”
Nou genlè nan dòmi, fè je-n klè, peyi a vann bay nèg je vèt
Men pou n' manje se lòt nasyon k' toujou ap fè kèt
Eske sa lèd, depi nou fèt pou n' ap pran imilyasyon, kout fwèt
Souflèt tankou milèt anba men dan jòn je vèt