N.A.S.A.-Steves J. Bryan

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
[Intro]
You know what it is
Yo Steady that’s what I’m talking about fam
Yeah
And this is Steves J. Bryan
Vini m Mennen w nan lespas

[Verse 1]
M antre andedan matrix la byen fre
M tankou Neo m a on linèt nwa
M poste m pa nan pale a moun
Depi lontan m te toujou apa
Bout son ap boule speaker
Tout moun gentan konnen kiyès sa
Anpil nèg ap fe trap, men yo pa janm ka sonnen konsa
Steves J. roi des lions 1 + 7 ou gentan konn sa li ye
M fè high mind tounen Xerox
Sèl sa nou fè ladan l se papye
M son etwal
Lè m ap file desann nan zòn ou pa ezite fè yon veu
E si w wè m fè 30 minit pake pandan m pase siyal la
Ou mèt kwè m ap pran yon bèf
Kou m tèlman gen lò yo m sanblon farawon
Tout sa m fè mate pa ta di on balon
M wè yap chèche konpare m lè m sou mizik
a rapè prefere w la m fè yo bliye l
li panse l tap byen pase m pral m pliye l
beat la tank on jwen ki fini m tiye l
poze, vibe enfini e mwen doze
chak track s on komèt
sa vle di lè m lage m rantre rapè k di yo fò tankou dinozò
kolangyèt, no gimmick m pa nan fè makak
m wè yo ap eseye keep up lè konsa m just ri yo dò
dash mwen digital m ap chanje vitèt ak bouton volum
e pi lumen kon navèt
ban m montre w jan m konn fè maji
pouf fè madanm ou disparèt

[Hook]
bwas wi m bwase kach
wi m fè dezas koulè chanpay lè nou swaf
wi m toujou fre w ap wè sa lè w wè m de fas
cheri an n ale vini m mennen w nan lespas
vini m mennen w nan lespas - oh shit god damn (4x)
destinasyon Mars
vini m mennen w nan lespas

[Verse 2]
lontan m te konn fè graj
men kounya m fre kou fresko e swag la s on siwo
e m tèlman konte biyè ble
si w gad men m wap panse ke m tap jwe a boul digo
kounya m gen plus papye ke valiz yon elèv kap prepare l pou la rantre des classes
cheri monte ban m mennen w nan lespas
eleve lespri w pou m fè w touche la gras
m son blender m bwase pawòl pou m fè tout sa m bezwen vin nan men m
haters ap chache m men yo pap ka jwenn mwen
paske m toujou ret poze nan mwen menm
m pale perfection a langaj silans
non m ta sipoze sinonim pwisans
m lage on mix an verite son torture
m fè nèg yo rantre tèt yo tank yon tòtu
an kanpe an mafia gade m fè l an fanmi
big up Patrice Rolensky a Ricky
e m pa nan pèdi tan fò m chache se sa k fè m trouve
m focus m pa gen dwa twouble
e m elimine tout sa k pa vle wè m avanse
m dekole nan figu yo kon fuze
triyang anlè tout moun High Mind
m kite tè kounya so bye bye
fanatic trap m fè n reviv tankou laza
m Mennen n nan lespas kou NASA
flo m pi konplèks ke on plaza
e m chaje pou m vann tankou on baza
e non cheri m pa bezwen foto
depi w konn chat la pou mwen just pote l ban m
rive sou mwen pa ban m video call
e si w renmen bagay dous vin manje kann

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016