Chanjman-Masters

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2000
[Refrain]
Fò'n mande chanjman pou frè nou yo
Fò'n mande chanjman pou sè nou yo
Fò'n mande chanjman, fò'n mande chanjman
Fò'n mande chanjman pou peyi nou


[MC BOP]
Pou yo, n' ap chante pou yo e pou nou
Oulala, ala de traka pou yon ti pèp nwa
Se wè yo wè y' ap viv men yo pa konn pouki y' ap viv
Men pye yo pa koupe, ponyèt yo pa kase
Men wi men non, men yo pa janm ..............
Gen sa ki eseye sove pou wè si vi yo ta chanje
Gen sa ki pran kanntè, anpil anpil nan yo mouri nan fon lanmè
Gen sa ki rive ki di: “Beniswa Letènèl!”
Ki tenten mizè sa-a, ki tenten lanfè sa-a
M' di non non sa pa bon, yon ayisyen dwe gen dwa
Pou l' ret lakay li, pou li viv jan l' dwe viv
Se pa fòt mwen se pa fòt ou
Se fòt yo; yo gen dwa fè mwen ak ou goumen
San nou pa rann nou kont ke se yo
Ils nous ont appris à mentir, à dénoncer, à trahir
A nous résigner, à nous désolidariser, à nous mettre à genoux,
A nous croupir, à nous avilir, à tout accepter sans le moindre refus
Ils nous ont appris à ne plus avoir confiance en nous-mêmes
A faire semblant que tout va bien
Alors que nos corps ne peuvent plus tenir nos têtes
Ala yon fwèt pou nou, chay sa twòp pou nou
Menmjan ak tout gwo peyi, nou vle yon Ayiti miyò, nou vle yon demen miyò
Nou vle yon chanjman total pou tout frè nou yo, ye ye, pou tout sè nou yo
Yon chanjman total pou Ayiti, se sa n' ap mande toulèjou


[Refrain]
Fò'n mande chanjman pou frè nou yo
Fò'n mande chanjman pou sè nou yo
Fò'n mande chanjman, fò'n mande chanjman
Fò'n mande chanjman pou peyi nou


[MC BOP]
Ayiti ............... bèl fleri, pouki jodi a l'ap peri
Tout pitit vanyan-l yo pifò fin mouri
Intelektyèl, nèg save, nèg ki swadizan di yo se nèg lespri
Lajan, foli milyonè vin fè yo sòt pase panyen pèsi
Yo tonbe fè ti figi pou yo kapab jwenn money
Yo pito fè konplo, ........ yon bann peyi pou yo di se richès Ayiti
Ti pèp la fin deperi, li san zanmi, li san fanmi
Malere pa janm sispann bouske lavi
Nan mande, nan priye, ajenouye pou yo kapab jwenn yon kichoy
Dirijan yo pèsonèl, pèp la bèbè, boy(?)
Ke volonte Bondye fèt, ti frè-m yo kontinye toujou ap disparèt
Apre tout sa kite deja elimine pa pakèt
Se pwòp san-n ki lakoz gran frè-n yo koule pou pran plezi, pou jwèt
Yo nan misyon, yo alachas, y'ap fè lachas o nèg
Tout sa se pou fè plezi fon pòch yo
Yo aranje yo kote gwo blan yo
Y'ap chache relasyon, y'ap kreye divizyon
Ti pèp la di ase, li mande padon


[Refrain]
Fò'n mande chanjman pou frè nou yo
Fò'n mande chanjman pou sè nou yo
Fò'n mande chanjman, fò'n mande chanjman
Fò'n mande chanjman pou peyi nou


[MC BOP]
Noir, je suis fier d'être noir
Comme toutes les races jaune ou blanc
Qui n'aiment pas perdre leur temps
Les Americains disent: “Time is money”
C'est juste pour construire, juste pour batir
Pour le développement, le progrès et l'avenir de leur pays
Tandis que les Haitiens disent: “Koukouj klere pou je-w”
Egoïsme ou racisme, c'est de la merde, plus de temps à perdre
Nouriture importée, vêtements importés
Dans ce cas qu'est-ce qu'on doit dire, qu'est-ce qu'on doit faire
Pour tous ceux qui vivent dans la misère
Se pa fè-l ban-m pa-m, pran pa-w, wete, wete kò-w
Peyi nou fin fucked up, nou vle sispann viv selon la pawòl
Lang ou dous pase siwo, mesye Pòl
Fè pale de ou, fè pale de ou, men ban nou yon chans pou nou pwogrese
Men ban nou yon chans pou nou avanse
Se sa nou toujou ap mande yo, se sa nou toujou ap priye yo
Yo genlè poko fin pije-n, O Bondye di-n kisa n' fè n'ap peye


[Refrain]
Fò'n mande chanjman pou frè nou yo
Fò'n mande chanjman pou sè nou yo
Fò'n mande chanjman, fò'n mande chanjman
Fò'n mande chanjman pou peyi nou
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016