Crazy Love-Masters

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2000
[MC Vag]
For all a dem massive gal ina di world
Camelo and Vag say we love you
You good like a food
This gal ou make me dreaming in my dream
Everytime we see; come and sing
You see di gal pon me face
Di gal with dem nice booty dread
Walking pon di street evrynight
You see di gal pon me face
Di gal with dem nice booty dread
Walking pon di street evrynight
Darling ...............................


[Refrain]
Se bò kote-w mwen ta vle rete tout jounen
Ou tèlman joli, se nan ou m' pran plezi
Pou m' gade-w k'ap souri
(2x)


[Don Camelo]
Fanm sa fè-m santi m'ap viv nan New-York City
Granmoun yo di sa son jenerasyon k' pèdi
Yo pa panse de vi, yo plis branche sou plezi
Ti granmoun pe, bann ti granmoun pe
Se la mwen jwenn feeling mwen
Se la m' file ti lang mwen
Medàm yo konn bay lova, wi yo preske fè-m pòv
Nan pran plezi nou, nan vann mwen lanmou
Lè mwen sou plaj ake-w cheri, m' fè djòlè ake-w honey
Cheri ou konn kale postè a, wi, m' pa wont fè djòlè
Cheri mwen wè lè m' ake-w, pyès fanm pa fè-m pè
Cheri m'ofri-w tout branch mwen, ban-m karès mwen byen
Yon sèl bagay ki pa fè mwen plè
Mwen sispèk ou pa gen sèl Don Camelo kòm patnè


[Refrain]
Se bò kote-w mwen ta vle rete tout jounen
Ou tèlman joli, se nan ou m' pran plezi
Pou m' gade-w k'ap souri
(2x)


[Don Camelo]
Si mwen di-w mwen damou ti doudou pa di m' jalou
M' pa viv ak kè poze, nuit e jou kè-m ap sote
Pou valè nèg k'ap koutize-w anpil jokè k'ap veye-w
Nèg sa yo twò cho, pale yo
Di yo se mwen menm ki Don Camelo
Lord have mercy
Nèg sa yo twò cho, di yo
M' ka fè yo mache ak afè yo kenbe nan men yo
Lord have mercy
Ti jokè sa yo se enmi-m
Pou ou cheri mwen prèt pou m' fè ke nenpòt krim
Mwen ka fè yo vole san zèl
Fò m' di-w doudou nan lanmou mwen trè pèsonèl


[Lady R]
Chak jou mwen leve
Men se lanmou-w m'ap pi ogmante
Gendelè mwen leve mwen vle wè si m' ta bliye-w doudou
Cheri pa inkyete-w, anverite se ou menm ke mwen vle doudou
Cheri pa inkyete-w, nèg sa yo se ti jevèt ke yo ye doudou


[Don Camelo]
Eske w' janm wè mèsedès nan men ke nenpòt chofè
Yon fanm tankou w, ou dwe chita nan depatman yon rapè
Yon black postè, yon nèg ki konn kale chèlbè
Yon san pwoblèm, san dram
Yon chou k'ap mennen-w nan tout pwogram
Yon nèg k'ap spend money, k'ape bwè wiski
K'ap fè-w konn gou plezi, k'ap fè-w konn bon gou lavi
K'ape ba ou bon lòv, bon karès tout tan sansès
Cheri tan pou mwen ta pèdi-w, jan l' pase l' pase
Me sing ki nèg sa yo ye, kòman yo rele
Cheri w' konnen byen ke Don Camelo pa dou
Jan w' wè-m poze a, konnen byen ke m' son mechan, dou


[Refrain]
Se bò kote-w mwen ta vle rete tout jounen
Ou tèlman joli, se nan ou m' pran plezi
Pou m' gade-w k'ap souri