Ou Fè'm-Riva Nyri Précil

Genre-Haitian Jazz
Year-2015
Lyrics By-Riva Nyri Précil
[Verse 1]
Cheri ou fè m, fè m tounen yon timoun piti
Doudou ou fè m tande sa w di epi m’obeyi
Cheri ou fè m pwodwi chak jou chak fwa lè w souri
Pwodwi, ekri bèl literati
Fou pran lari ak foli damou
Trete m tou swit ak yon beze mouye
Mete m kouche, m’santi m’prale

[Verse 2]
Cheri ou fè m tounen ‘on bèl flè, ou pran awoze m
Doudou ou fè m tounen ‘on bèl kap, ou file m ale
Doudou ou ban m anpil fil mòl lè van move
Tounen ‘on boul pik pou teke m ale
Lapli tonbe chak fwa lè w gade m
Kò m pran dife, ou tounen van vante m
Nan sann dife n’ap chofe lanmou

[Bridge]
Ou wa awa ou waya
Mwen pa kapab viv san ou
San ou….

[Vocalizing]