Kisa'w Ka Fè Pou Mwen Ton Nwèl?-Mikaben

Genre-Haitian Jazz
Year-2012
Featuring-Lionel Benjamin
Lyrics By-Michael "MikaBen" Benjamin

[Verse 1]
Mwen f’on jounen m’ap panse
Fò m chèche yon ti bout papye pou m ekri Ton Nwèl
Pou m di l mizè m’ap pase
Malgre mache chache, mwen dòmi san soupe
Sa w ka fè pou mwen Ton Nwèl

[Chorus]
Tonton Nwèl oh (2x)
F’on ti pase, li mèt s’on ti kado
Tonton Nwèl oh (2x)
Tanpri pa kite m fè zewo

[Verse 2]
Mwen santi kè m k’ap rache
Lè m’ap gade jan pil lòt moun ap fete Nwèl
Se sou beton an mwen ye
Pa gen fanmi ni bon zanmi pou m al nan mès minwi
Kisa w ka fè pou sa Ton Nwèl

[Bridge]
Gen moun ki di w pa egziste
Mwen te fin kwè se vre
Jodi a se sou ou m’ap konte
Se ou sèl mwen rete

[Chorus]

[Verse 3]
M’ap tann jou Nwèl la rive
Pou m wè si lèt sa te rive jwenn ou Ton Nwèl
Paske m’anvi lavi m chanje
Mwen anvi viv ak kè kontan
Menm si w pa pote lajan
Kisa w ka pot pou mwen Ton Nwèl

[Chorus]