Pa Kite-T-Micky

Genre-Konpa
Year-2014
Lyrics By-Badi Kamal
[Intro]
Oh we oh, we oh

[Verse 1]
Se chak jou m’ap rakonte w
Se chak jou mwen eksplike w
Kijan m’gen lanmou pou ou bebe
Ki rèv mwen genyen pou nou
Kijan mwen wè avni nou
Pou nou rete ale jiskobou

[Hook]
Pa kite anvi trennen w
Men kite lanmou mennen w

[Verse 2]
Laj ap rantre, jou ap pase
Nou ap grandi, fò n panse sou avni n
Si n vle demen pou n pa nan plenyen
Pral gen pitit, pral gen fwaye pou n okipe
Se vre nou jèn, fò n pwofite
Men pa bliye, se laj k’ap rantre
Men fòk nou panse kijan nou vle demen nou ye
Si nou pa vle regrete

[Keyboard solo]
Sa e pa ‘on kite l mache non
Se kite m ploge, kite m danse
Gad jan w fè tèt ou mal

[Hook]

[Keytar groove]
Men se konsa nou frape
Konsa nou mate
T-Micky
Tell em man…

[Hook 2]
Kite lanmou mennen w
Pa kite anvi trennen w

[Verse 3]
Bebe jere demen ou, panse a desten w
Pa kite moun enfliyanse w, kite lespri ou dirije w
Fòk ou pran tèt ou, fò w poze san ou
Fòk ou renmen moun ki renmen w
E ki pap janmè lage men w

[Hook 2]
Kiki ou tande wi

[Keyboard solo]
Noldy
Rele Badi pou mwen

[Keytar groove]

Men se konsa nou mate
Konsa nou frape
T-Micky
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016