Ze Fele-Ekip

Genre-Konpa
Year-2021
Mwen pa rayi pèson
Ni mwen pala poum vanje
Tout sak fèt se pou on rezon
Se pa mwen ki pi devenn non
(Nan monde sa)
Fò gon moun sou la tè retirem nan lanfè
(Mwen sèmante poum pa pran frap ankò)

(REFRAIN)
Mwen se yon ze fele
Fò w pa kitel kase
Yo manyenm plizyè fwa deja
Yo senyenm nan vi sa deja

Pito w blesem kounya a
Avèk yon bon verite
Olye w gerim ak manti
Se pa mwen ki pi gaga oh
(Nan monde sa)
Fò gon moun sou latè retirem nan lanfè
(Mwen sèmante poum pa pran frap ankò)

(REFRAIN)
Mwen se yon ze fele
Fò w pa kitel kase
Yo manyenm plizyè fwa deja
Yo senyen'm nan vi sa deja

Pa gen piyay ankò

Bagay la pa pou piyay
Bagay la pa pou piyay
Bagay la pa pou piyay
Chat boule nan dlo cho
Li wè dlo frèt li kouri

(Instrumental)

Gade ki jan yo gaspiye m
(Gade ki jan yo gaspiye m)
Gade ki jan yo gaspiye m
(Gade ki jan yo gaspiye m)
Yo ramase m, yo gate m, yo jete m
(Itilize m)
Yo souse m, blaze m epi
Yo voye m jete
(2X)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016