Destine-Fatima

Genre-Konpa
Year-2016
Lyrics By-Fatima
[Verse 1]
Menm si lontan mwen pate kwè ke lanmou ekziste
Jan ou trete m nan w fè mwen wè ke se pat verite
Ou bese m dolote m, mwen santi mwen trankil
Ou respekte m pwoteje ti kè mwen ki frajil

[Verse 2]
Sa fè lontan mwen t ap chèche on kote pou m poze
E se nan bra w mwen kapab di ke mwen ka repoze
M pa ka imajine ke m ap viv yon reyalite
Mwen chanseuse, destine pèmèt ke nou kwaze

[Pre-chorus]
Destine fè n kwaze mwen pape janm kite w
Mwen chanseuse pou w nan vi m se tout sa m te janm espere

[Chorus]
Ou fè m viv lanmou
Fè m santi m s on rèn
Ou fè m kwè nan ou
Kè m pa gen la pèn

[Verse 3]
Mèsi pou jan ke w trete m cheri tanpri pa chanje
Mwen vle w wouze jaden m toulèjou baby baby
Kè mwen kò mwen se pou ou gade m jan w vle ti doudou
Mwen geri mwen fleri, e renmen w a lenfini

[Chorus]
Ou fè m viv lanmou
Fè m santi m s on rèn
Ou fè m kwè nan ou
Kè m pa gen la pèn
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016