Alèz-Medjy Ayisyen

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2013
Featuring-TMD
Produced By-Michel "TMD" Dulyx
Lyrics By-Medjy, TMD
[Intro]
DJ lage mizik sa a sou max (lage l sou max)

[Hook]
Mwen santi m alez
Mwen konnen deja ke ou pape janm banm ‘on rèz
Paske si w fè sa m’ap tou lage kò m nan ‘on falèz
Met timidite w akote, cheri pa fè rizyèz
F’on ti chita tande, tande

[Verse 1]
M’ap pran l ak glas
Chalè sa a twò move
M’pa menm ka bwè ‘on kremas
Anfòm k’on bas e w pa pran anpil plas
Ou voye m al priye bò legliz Altagrace
Men chak fwa n wè fas a fas
Ou vire do w, w’ale ou pa menm kite ‘on ti tras
Ebyen aswè a m’pap di “helas”
Cheri m’ap vinn tcheke w ak anpil klas
Se pou sa mwen santi m rilaks
DJ lage mizik sa a sou max (lage l sou max)
Mwen santi m lou pase beton
E m’konnen m’son bèl gason
So aswè a m’ap bon (tonè boule m m’ap bon)
M’pa panse ou ka blo m (M’pa panse sa)
M’espere w deja tande flo m
Li foul soul
Ou ka tonbe nan twou l, vodou l,
li bat k’on tanbou
Li cool, li gou

[Hook]
Mwen santi m alez
Mwen konnen deja ke ou pape janm banm ‘on rèz
Paske si w fè sa m’ap tou lage kò m nan ‘on falèz
Met timidite w akote, cheri pa fè rizyèz
F’on ti chita tande, tande

[Verse 2]
Ting dong, klòch la sonnen
Mezanmi ou frape m tankou w ping pong
Ou fè m fè makak, Ou ta di mwen pòtre yon King Kong
Kape kouri nan ‘on lari k’ape chante yon sweet song (ooo ooo)
M’ta m’ta m’ta kenbe w, ’ta m’ta m’ta mòde w
M’ta m’ta m’ta fè lanmou avè w jiskaske tonè a boule w

[TMD]
Doudou pa ezite
Pa vin pran pòz ou
Pa di m ou pa sou sa
Se mwen avèk ou
M’ape panse jan n pral fè lanmou
Cheri imajine w ke n’ap love
Ke nou a 2 e kò n kole n’ap fè lanmou
Nou bò lanmè n’ap fè erè
Bliye peche, bliye vèsè
Doudou pa ezite
Pa vin pran pòz ou
Se pa fòt nou

[Hook]
Mwen santi m alez
Mwen konnen deja ke ou pape janm banm ‘on rèz
Paske si w fè sa m’ap tou lage kò m nan ‘on falèz
Met timidite w akote, cheri pa fè rizyèz
F’on ti chita tande, tande

[Verse 2]

Se pou sa mwen santi m rilaks (M’rilaks)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016