Ayiti Leve-Mikaben

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Featuring-Mickael Guirand, Shabba
Produced By-Michael "MikaBen" Benjamin
Lyrics By-Michael "MikaBen" Benjamin
[Intro – Mika]
Ayiti leve
LA nou prale
E e, wo o
Wo o o o
Mete fòs, mete kouraj
Mete fyète nou ansanm
Epi nou pral reprezante pou ble e wouj la nan Special Olympics yo
Ayisyen cheri an n ale

[Hook – Mika]
Ayiti leve – E e e
LA nou prale – E e e
Fò n pote kole – E e e
Ansanm n ap rive – E e e
Se ble e wouj la n ap flote – Wo o o o
Se li nou pral reprezante – W o o o
Ayiti leve

[Verse 1 – Mickael]
An n leve pye n, an n fè sa n gen pou n fè
Special Olympics yo la, nou pap gade dèyè
An n louvri zye n pou nou sa wè pi klè
Nou pral montre lemond antye ke n s on pèp ki chaje potansyèl…yeah
E nou pap janm lage jiskaske n rive nan syèl
Jiskaske n rive nan syèl

[Hook]

[Verse 2 – Shabba]
Nou gen anpil pontansyalite – E e
Anpil foug, detèminasyon – O o
Ayisyen fò n leve kanpe – E e
Nou pral fè yon revelasyon
An n leve drapo n, an n souke l pi wo
Reprezante - We
LA nou prale - We
Fòk nou montre yo ki sa nou vo
Ayisyen tout kote an n ale ankouraje jèn spòtif nou yo
Special Olympics la rive
Ayiti leve

[Hook]

Wo o o, o o o o o

[Outro – Mikaben]
Mwen gen yon rèv kote m wè ble e wouj chak kote, tout kote
Kote tout peyi resi respekte nou
Paske n met tèt nou ansanm pou nou reyalize gwo bagay
So tout Ayisyen alawonbadè fè deplasman an, al LA, al sipòte jèn spòtif nou yo pou Special Olympics la
Let’s go

[Hook]