Bèl Melodi-Nickenson Prud'homme

Genre-Konpa
Year-2005
Featuring-Reginald Cangé
Produced By-Nickenson Prud'homme & Dener Ceide
Lyrics By-Dener Ceide

[Verse]
Dèfwa nan lavi ou konn rete w panse
Yon opòtinite kapab rive pou tout bagay chanje
Se sa li ta dwe ye
Devan w ka wè lavi a ap chanje
E poutan gen plis moun k’ape soufri
Daprè ou eske se sa ki lavi
Pasyon m se jwe mizik jwenn yon refren
Ki pot linite pou fè n avanse
Elimine tout baryè ki nan panse n
Lemond chaje avèk bon sitwayen
Ki ta renmen fè byen pou sa k bezwen
Avèk mizik n’a montre gen mwayen

[Chorus]
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
N’a va monte yon bèl senfoni pou fè tout moun souri

[Verse]
Dèfwa nan lavi ou konn rete w panse
Yon opòtinite kapab rive pou tout bagay chanje
Se sa li ta dwe ye
Devan w ka wè lavi a ap chanje
E poutan se plis moun k’ape soufri
Daprè ou eske se sa k lavi

[Chorus]

[Bass solo – Yves Abel aka The Fridge]

The Fridge, you play man

[Spoken word]
Kou yon ti bebe k’ap kriye, fredone yon ti melodi pou li
Ou ka wè l’ap souri, tanperaman l chanje
Pou yon nouvèl ane, yon anivèsè, nou toujou jwenn yon bèl melodi
Lanati gen plizyè sezon, pou chak moun g’on chanson

Dener Ceide, fè sa kè w vle

[Guitar solo – Dener Ceide]

[Chorus]

[Verse]

[Chorus]