Detente-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2022
[Chorus]
Bagay la gate Djakout nan lari
fanatik mobilize jwèt la pral chanje – li gate
Bagay la gate Djakout nan lari
fanatik mobilize nou pral fè lòbèy

[Verse 1]
Silans nou se te pou n panse
Nou konn djaz peyi a pa ka kraze
Se yon patrimwan pou tout yon nasyon
Nou se referans pou tout jenerasyon

[Chorus]
Bagay la gate Djakout nan lari
fanatik mobilize jwèt la pral chanje – li gate
Bagay la gate Djakout nan lari
fanatik mobilize nou pral fè lòbèy

[Verse 2]
Yon fwa lòt zetwal nou briye ankò ankò
Ak fòs nou tounen, nou pral frape pi fò
Tout moun ap fete lajan ap depanse
N ap selebre djaz la vin pi move

[Horns]
Nou pral kapote HMI la
Chavire, chavire, Djakout pral chavire
Chavire, chavire
Sak pa byen ranje kò w
Chavire chavire

[Groove]
Oh epa pa genyen deyò a
Gad eta w

[Choir]
Se tande m tande Djakout pa ka fè hit
Depi nou lage lari a pran dife
Se tande m tande Djakout pa ka fè hit
Depi nou lage lari a pran dife

[Verse 3]
Nou fè ven tan n ap mennen
nou pa janm ka rivalize
yo pa ka fè sa yo pa ka pran plas la
nou se sèl djaz ki fè tout yon peyi rele la familia
yo pa ka fè sa yo pa ka pran plas la

djaz peyi a debake – Djakout pral detente yo
fanatik k ap manifeste – Djakout pral detente yo
ak tout fòs nou debake – Djakout pral detente yo
HMI la pran dife – Djakout pral detente yo

[Choir]
Se tande m tande Djakout pa ka fè hit
Depi nou lage lari a pran dife
Se tande m tande Djakout pa ka fè hit
Depi nou lage lari a pran dife

[Horns]

Djaz la mete m pye l atè Fanatik mobilize
Nou pral detente detente yo
El senor se ou l ye

[Keyboard Solo]
Ohoh
Pèp Ayisyen chante

Sa ke m tande la nou vle Djakout kraze
Si Djakout pa la kiyès k ap ranplase l

[Keyboard]
Me gusta eso
Santana ou fè sa deja

Fete n ap fete – fanatik Djakout
Fete n ap fete
Yo pa ka tann pou fete a djaz yo
Fete n ap fete
Lajan ap depanse men boutèy ap pase
Fete n ap fete
Rosard Rodrige Malas Manigas
Fete n ap fete
Chico new york, brothers production fete
Fete n ap fete
Chenel Kaliko Junior de Boston fete
Fete n ap fete
Wakin New Jersey Boston united Cheri
Fete n ap fete

[Guitar Solo]
Epi game over plat
Epa w te konnen

Djaz peyi a debake – Djakout pral detente
Fanatik ap manifeste – Djakout pral detente
Ak tout fòs nou debake – Djakout pral detente
HMI la pran dife – Djakout pral detente

Nou pral detente tout

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016