Zanmi-LOG IN

Genre-Konpa
Year-2014
[Verse 1]
Lamitie se sèl bienfè ki pa kachte ki pa ka vann
Menm lè li gen plis valè ke lò ak diamanel
En effect li ta dwe sinonim de senserite
De konfyans de respè mutuèl
Lontan yo te konn di entèl se zanmi konfyans mwen
De nos jours zanmi konfyans pa ekziste
Yo baw konsèy achte chwal plenn nan sezon lapli
Lè sechrès rive rele zanmi, ou pa wè zanmi

Ou konn fè nat, sa wap fè atè a
Edson zanmim, kote zanmi lew bezwen on zanmi

[Chorus]
Zanmi wo zanmi wo
Rele zanmi Pa wè zanmi
(2x)

Se tout tan nap plenyen pou bon ak move zanmi
Eske entèl se zanmi’m eske’l pap bon kou nan do
(2x)

[Keyboard solo]

Konpa LOG IN konpa

[Choir]
Devan bien dèyè mal (2x)
Oh oh oh oh

Se tout tan nap plenyen pou bon ak move zanmi
Eske entèl se zanmi’m eske’l pap bon kou nan do
(2x)

Li pa zanmi’w – si lap priye bondye pou yon jou m’ ta tonbe
Li pa ka zanmi’w – si ‘l wè m’ gen yon bèl fanm venn li gentan gonfle
Li pa zanmi’w – mwen gen yon bèl machin figil gentan chanje
Li pa ka zanmi’w - Li pa ka zanmi’w non Li pa ka zanmi’w

Zanmi wo zanmi wo
Rele zanmi Pa wè zanmi
(2x)

M’ pa wè zanmi
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016