Bay Vag-Droxyani

Genre-Konpa
Year-2022
[Verse 1]
Konfyans san konfyans sa pa mache
Pil tan n ap eseye men n echwe
Kounya tout moun vle konnen kisa ki te pase
Pou jan n te bèl ansanm kijan sa rive
Nou te leve ansanm menm baz menm katye
Lanmoun n te tèlman fò sa fè n separe
Lè mwen wè w m anvi bliye tout sak te pase antre nou
Mwen avè w girl, si n tounen ansanm youn nan nou ap fin fou

[Hook]
Ou te mèt bay vag
Cheri w te mèt bay vag
Pa gen anyen n ka fè ankò
Malgre efò m te fè pou m fè w plezi
Ou te mèt bay vag
Cheri w te mèt bay vag
Paka ansanm nou fin dakò
Nou chak fon bò,
Lanmou sa tou fini
Cheri w te mèt bay vag

[Keyboard Solo]
Te mèt ale

[Verse 2]
Men cheri m vle konn sak fè w vin konsa
Èske son lòt ou kwaze k fè w konsa
Vinn ba l plis valè ou mete m anba
Te déjà di m sa pap rive poutan sou m antre
Ou tap sekwens kò w tap sekwens kò w
Pat janm panse yon jou m tap antre
Sou ou avèk yon lòt
Ou tap sekwens kò w kanpe sou blòf
Fè m panse se mwen k antò
Poutan se ou ki tap fè m chòv

[Hook]

[Keyboard Solo]
Te mèt ale
Aprè lapli c’est toujours le beau temps, beau temps

[Verse 3]
Pou janm te feel ou, ou finn banm kou egare
Mande m pou m peye bill ou, wap pale koze kite
Map tou di l nan figi w mèt bliye m ou mèt ale
Kounya ou pap fè m mal
ba ba bay vag

[Keyboard Solo]
Cheri ban m ti kèt la non
Oswa banm yon dènye ti goute

[Hook]