Pwazon-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2022
Featuring-Trouble Boy
[Verse 1]
Ou son manje anpwazonnen ki gou nan bouch mwen
Yon lanmou ak kè plen ki vle pou ban m kè tounen
M anvi pouse w m anvi jete w men m vle w rete pou mwen
Ou rayi m m renmen w se tout sa m santi andan kè mwen
Ou pran kè ou rache l mete l dòmi nan seren
Nan fè mwen mal ou pran plezi ou pa janm fennen

[Chorus]
Ou pran tout tan w ou pran san w pou w ka fè m lapènn
Ou bliye sa w ye pou mwen
Depi w derefize ou pa vle pou n fè lapè
M pa konn kisa pou m ta bay ankò
Pase tout tan n n ap batay pou n pa viv an pè
Ou bliye sa w ye pou mwen
Depi w derefize ou pa vle pou n fè lapè
M pa konn kisa pou m ta fe ankò

[Verse 2]
Ti krik ti krak ou byen boude se la w pran tout vi m
Achiv ou byen monte pou w toujou jwe wòl viktim
Se byen domaj ou pa ka wè se ou k ap fè krim

[Verse 3]
Ou bliye sa w ye pou mwen m pat atann
Mwen konn sa m ye pou ou m pa konprann
Ou di m ou pa care tout sa m di w w pa kwè
Men an reyalite m konfonn
Ou fè m konfonn jwa ak tristès paske lè m kontan w fache
M avè w m poukò m paske kontantman w kache
Epi m ap viv avèk frekan w paske tout sa m di w fache
M anvi kite w m pa kapab paske kè m ap rache
Chagren se pri pou w peye lè w renmen ebyen m peye pri a
M pa fin kite w kraze kè m lanmou m pa pou piyay
Lè m gade jan w ap viv avè m m di ban m solo
Bagay sa ap sakaje m Nicky ban m solo

[Keyboard Solo]
Solo solo solo
Ou son pwazon pou mwen
Nicky ban m solo
Solo solo solo

[Chorus 2]
Ou se maladi mwen
maladi mwen e medikaman m an menm tan
maladi mwen e medikaman m an menm tan

[Verse 4]
ou tankou yon kleren
menm si m konnen w pral ban m tèt fè mal
fò m bwè w kanmenm
yon manje gate menm si m konnen w pral vant fè mal
fò m pran w kanmenm
cheri ou se maladi mwen

[Chorus 2]

[Verse 4]
ou tankou yon kleren
menm si m konnen w pral ban m tèt fè mal
fò m bwè w kanmenm
yon manje gate menm si m konnen w pral vant fè mal
fò m pran w kanmenm
cheri ou se maladi mwen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016