La Pèson-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2008
Lyrics By-Syto Cavé
Peyi a somb nan pwen limyè
Solèy kouche depi 4 trè
Kote’m prale
Kote’m rete
Nan tout la ville la
M’ap chèche

La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye
La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye
Men malè mwen pran koulè
Yon vye chyen sou la pli
Vwazinay ba’l kout pye
Li jape gwo lan nwit

La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye
La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye

Moun yo pa menm
Tan a chanje
Malè pandye sou tout do kay yo
Moun yo pa menm
Fò na’l di moun yo w pran dife
Kè’m ap rache
Gad kijan kè nou finn dechire

La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye
La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye

Papiyon nwa yo pran la ri
Ville la an dèy
Pral gen la pli
Van ap soufle
Lanmè move
Kannòt nou chavire nan pye’n

La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye
La pèsonn oh
Bye bye, (bye bye) bye bye, bye bye

Moun yo pa menm
Tan a chanje
Malè pandye sou tout do kay yo
Moun yo pa menm
Fò na’l di moun yo w pran dife
Kè’m ap rache
Gad kijan kè nou finn dechire
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016