Fò M Ale-Vayb

Genre-Konpa
Year-2018
[Intro]
Hey

[Verse]
Fò m ale m pa wè solèy ankò
Tout fle yo fane
Yon ti soufle yo tonbe san fè efò
W di w se limyè mwen
Poutan m pa wè devan m ankò
M mande èske se mwen
Paske tout sa nou fè nou pa janm dakò

[Pre-chorus]
Si w renmen mwen jan m renmen ou
Pouki lè m avè w mwen santi mwen vle fou
Sa fè m reyalize

[Chorus]
Fò m ale (3x)
Si m ret avè w ou ka detwi lavi m
Fò m ale (3x)
Mwen menm avè w nou pa gen avni

[Verse]
Cheri m fatige, mwen bouke fè efò
Jwèt la gate
M santi batman kè m pou ou pa menm jan ankò
Donk sa deranje mwen
Paske nou pa sou menm akò
Men m si mwen konnen
Kontra mwen te gen avè w
Se jisk a lamò

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Bridge]
Tout bèl pwomès nou fè
Tout bèl moman n pase
Jodya n ap soufri
Lanmou sa a pa ka fonksyone
Tout sa nou eseye
Anyen pa janm chanje
Sa pa kap mache

[Guitar]
Pa anmède m (2x)
Kite m vayb
Oh oh, heyo heyo

[Chorus 2]
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w cheri l ka pa bon pou mwen
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w baby l ka pa bon pou mwen

[Verse]
W konnen m vle tout sa ki bon pou ou
W konnen m pap janm mande mal pou ou
Pito m ale
M eseye fè tout bagay pou ou
Men m wè se manti n ap bay tèt nou
Pito m ale

[Chorus 2]

[Keyboard]

Nou nan lari
La pa la m ankò
Cheri mwen fò m ale, fò m ale

[Chorus]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016