10 Sou 10-Klass

Genre-Konpa
Year-2022
Nou retounen pi rèd
N ap avanse pi rèd

[Verse 1]
An 2012 konpa direk konn yon bagay 9
Depi lè sa yo sispann pran ti kabrit pou ti bèf
Fanatik yo ak disiplin toujou vin avan
Jou kouri vre, n gentan gen 10 an – s on priorite
Nou gen you liy nou kenbe - Fanatik yo marye
Tout moun nèt klike
Pwomotè yo deklare Klass s on lajan sere l ye
Antiyè yo di se Klass la yo dako
Paske yo pa piti deyo
Chimen lavi defwa gen blakawout
Men n pa janmen kanpe nan wout

[Horns]
Nou pral fete

[Verse 2]
Ranje chita n leve chanpay an n fè l ak tout kè n
Mizik sa nou fè l pou tout sa k toujou kanpe dèyè n
Vents et marees n ap toujou kenbe, Nou se Ayisyen
Peyi sa se li sèl nou genyen – s on priyorite
Nou gen yon liy nou kenbe fanatik yo marye
Tout moun nèt klike
Pwomotè yo deklare Klass s on lajan sere l ye
Nou debake ak yon lanmou pafè
Nou towing tout konpetitè
Si n pale pou tèt nou se tou nomal
Nou pa janm bay move siyal

[Horns]
Djaz 10 sou 10 la
Konpa konpa konpa

[Guitar]
Depi se devan w ye, ou kondane pou w peye
Woy, konpa
Sa ki dèyè yo kondane pou bloke

[Chorus 2]
Mèsi Bondye, mèsi lezanj
Ki ba n benediksyon ki fè n wè jou sa A aaa
Mèsi zanmi, mèsi fanmi ki te kenbe n sou sa A aaa
Ritchie kote w ye

Nan disiplin nou konpoze sou 10
Tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10
Nan jwe konpa nou konpoze sou 10
nou tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10
Nan byen kanpe nou konpoze sou 10
Fanatik yo di nou fè 10 sou 10
Menm jan avè n yo konpoze sou 10
Malgre yo kopye n' yo pa pase non

Mèsi Bondye, mèsi lezanj
Ki ba n benediksyon ki fè n wè jou sa A aaa
Mèsi zanmi, mèsi fanmi ki te kenbe n sou sa A aaa
Ritchie one more time

Nan disiplin nou konpoze sou 10
Tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10
Nan jwe konpa nou konpoze sou 10
nou tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10
Nan byen kanpe nou konpoze sou 10
Fanatik yo di nou fè 10 sou 10
Se pa fòt nou yo pa pase
Petits cretins al fout rekonpoze

[Keyboard]
Ça c’est du bon konpa
Si tu peux pa faire ça va te cacher
Sous le lit oui jeune homme

[Keyboard]
Fanatik Klass gonfle ponyèt yo

Kè n pa sote paske konn sa n reprezante
Imaj peyi a fin blaze se sèl mizik la nou rete
Metye egri ak al malveyan se denigre w
Djaz sa gen fanatik e yo vijilan papa

[Guitar Solo]

O Klass la mechan
O kompa sa mechan

Ou menm ka p ranse sou entènèt la mache sou mwen

Plis yo pale tintin sou do n se plis yo fè fanatik yo anraje


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016