Nou Ka-Zin

Genre-Konpa
Featuring-Nia
Pa femen je’w sou li, pa vire do’w bali
Pa dil fini, pa panse ke se yon ka pèdi
Non li se Ayiti, sinyati li se cheri
Ayiti cheri, nou ka fe'l tounen paradi

Nou ka
Nou ka sove li
Nou ka
Nou ka fè'l fleri
Nou ka
Nou ka fè'l mache
Si nou pote kole e
Nou ka
Nou ka pwogrese
Nou ka
Nou ka organize
Nou ka
Nou ka devlope’l si nou chanje mantalite

Fèmen je'w pou sonje
Jan Ayiti te chaje
Ak plezi
Tout moun te rele’l
“La Perle des Antilles”
Se li ki te pi bèl
Se li ki te gen pi bèl syèl
Ak solèy
Si nou vle nou ka met Ayiti sou pye

Nou ka
Nou ka sove li
Nou ka
Nou ka fè'l fleri
Nou ka
Nou ka fè'l Mache
Si nou pote kole e
Nou ka
Nou ka pwogrese
Nou ka
Nou ka organize
Nou ka
Nou ka devlope’l si nou chanje mantalite

Paka rete chita
Gade peyi nou ki kaba
Depi genyen la vi genyen lespwa
Pote kole , oganize
Se sak pou fel mache
Si nou tout kanpe
Nou ka fè move tan ale
Soley gen pou'l klere

Kite peyi a vanse
vanse pi lwen
Woy! Ak tou sak vle
Tout vakabon kap eseye frennen’l
Rale kòw ban’n pase(2x)

Ayiti ka gueri fo'n pa kite’l mouri
Si nou se bon zanfan
Se pou nou soulaje manman
Menm si nou san lajan
Nou toujou gen bon jan
Ansanm nap men nan men
Poun pa kite peyi’n fennen

Kite peyi a vanse
vanse pi lwen
Woy! Ak tou sak vle
Tout vakabon kap eseye frennen’l
Rale kòw ban’n pase(2x)

woy, woy, woy, woy

Nou ka
Se nou Ayisyen
Nou ka
Ki pou met men nan men
Nou ka
Nap pòte kole
Nou ka
Pou peyi’n devlope
Nou ka
Nou ka kanpe
Nou ka
Kraze move lide
Nou ka
Pote limyè lespwa
Nou ka
Pou nou soti nan fè nwa

woy, woy, woy
rale ko'w

Nou ka
Se nou Ayisyen
Nou ka
Ki pou met men nan men
Nou ka
Nap pòte kole
Nou ka
Pou peyi’n devlope
Nou ka
Nou ka kanpe
Nou ka
Kraze move lide
Nou ka
Pote limyè lespwa
Nou ka
Pou nou soti nan fè nwa