Mache Sou Kote-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Roody Roodboy
Peyi nou gen pwoblèm – fò n pale
Djakout #1 djaz peyi a – fò n pale
Malere pa gen lavi – lajan ap gaspiye
Moun ap mache sou fatra pandan pa gen lopital

Wouy Pwoblèm yo vin pi plis
Chak jou mou nap viktim san jistis
Sa fè tris pèsòn paka fè biznis
Moun pa alabri nan peyi a
Prizon Chaje inosan
Kilè la va jwenn liberasyon
Timoun pa ka al lekòl peyi a san kontwòl
Kisa pou n fè – nan ka sa
Lavi pa yon jwèt – nou dwe konn sa
Tanpri piga nou tann twò ta

[Horns]
Adje frè
Aba batchanay

Mache sou kote
Kite peyi m mache

Leve nan domen
Tout sa k ap soufri
Si n pa defann tèt nou
Kiyès k ap fè l pou nou

Chak jou pèp la ap kriye yo pa janm vle tande l
Se pa lè kabrit fin pase n ap vin rele bare
Souke kò nou, souke
Li lè pou nou panse, solisyon an se tèt ansanm li ye
Souke kò nou

Leve nan domen
Tout sa k ap soufri
Si n pa defann tèt nou
Kiyès k ap fè l pou nou

Lè yo fin jwenn vòt pèp la yo woule l nan labou
Ba l pawòl, fè l pwomès, kondisyon lavi l pa janm chanje
Souke kò nou

Ayisyen nou goumen twòp
Sispann goumen ann bay lamen

[Keyboard]
Patrick #1 dlo tonbe nan je m

Bondye papa pran kontwòl lavi m
Maestro Mamane w ap wonfle wi la
Roody Roodboy in the house

Pwoblèm yo anpil pèp la pa ka vin trankil
Malere pa ka peye bil
Nan tout bidonvil zam ilegal yo frajil
Pa gen travay pou ti nèg ede fanmi l
Chomaj ap miltipliye
Pou gwo pòs leta nèg tounen ti kriye
Zafè koripsyon an pou n elimine
Mesye se nanm nou pou n sispann likide
Nou bouke, nou fatige – pwoblèm anba
Nou bouke wè magazen moun kap boule – pwoblèm anwo
Lari bloke madan sara pa ka bwase – pwoblèm anba
Ayiti s on tè glise veye kote w ap met pye w

Mache sou kote (3x)
Pou pèp la pa manje w
Mache sou kote (3x)
Pou Djakout pa wonfle w

[Keyboard]

Nou bouke nou fatige – pwoblèm anba
Nou bouke wè magazen moun kap boule – pwoblèm anwo
Lari bloke madan sara pa ka bwase – pwoblèm anba
Ayiti s on tè glise veye kote w ap met pye w

Mache sou kote (3x)
Pou pèp la pa manje w
Mache sou kote (3x)
Pou Djakout pa wonfle w

[Keytar]
Maken men larelèv la
Rès la pou bal

[Horns]
Ba n ou ti chans non