Kout Ba-Wid

Genre-Konpa
Year-2021
Wid
Yeah yeah yeah non yeah
Manman gad on kout ba
Manman m pa konn kouman m pral jere sa

Se pa premye fwa yo blese m
Se pa premye fwa mwen pran kou
Men sa resi pi di vre – li pi di
Mwen di l pi di vre – li pi di
Se pa premye fwa yo twonpe m
Men se premye fwa l fè mal konsa
Se pa premye fwa mwen kriye
Fwa sa son rivyè k ap koule

Manman gad on kout ba
Manman m pa konn kouman m pral jere sa

Sa k ta di sa se ta ou menm ki ta ban m kou sa
M pat panse sa pou bèl asirans ou te ban mwen
M te kwè nan ou m te kwè nan nou
Sak ta di, sak ta di
Se ou menm jodia ki ta pike kè mwen
Sak ta di, sak ta di
Ou ta fè moun jije m pale nan koze mwen

Malheur à l’homme qui se confie à l’homme
Kounya mwen pran leson an – pran leson
M oblije met gason sou mwen
M oblije kanpe kin – gadon kou, gadon kou
Manman m pran kou
Sa pap rive ankò, li pap rive, non non

Li pa fasil pou w jwenn yon moun
k ap renmen w, k ap renmen w jan w renmen l lan
Li pa fasil pou w jwenn yon moun
K ap bezwen w, k ap bezwen w jan w bezwen l la
Se pa tout moun k ap vle w nan vi l
Jan ou vle l, jan ou vle l, jan ou vle l lan
Kounya mwen sou men mwen, m pap pran mind
Moun k ap vin aprè w la pral pote chay

Gad jan bagay sa fè mwen sou
Tèt mwen lou m pèdu tout lusidite m
M santi m vle fou, lavi m parèt flou m pedi tout idantite m
Pa kritike m si m vin asasen pase tout kote fè kè moun senyen
M son malad ki bezwen geri sanble ti rès la m pral bay Jezi l

Li pa fasil pou w jwenn yon moun
k ap renmen w, k ap renmen w jan w renmen l lan
Li pa fasil pou w jwenn yon moun
K ap bezwen w, k ap bezwen w jan w bezwen l la
Se pa tout moun k ap vle w nan vi l
Jan ou vle l, jan ou vle l, jan ou vle l lan
Kounya mwen sou men mwen pran leson

M oblije met gason sou mwen
M oblije kanpe kin – gadon kou, gadon kou
Manman m pran kou
Sa pap rive ankò, li pap rive, non non

Manman gad on kout ba
Manman m pa konn kouman m pral jere sa

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016