Inconscience-D.P. Express

Genre-Konpa
Year-1982
Lo le lo le

Nou t'al lekòl nou aprann tout sa ki bon dans lavi
Koute zanmi, move zanmi kape fè nou fè tenten
Gran maten n'a leve, n'a wè nou nan prizon
Sujè pran kout baton, lè sa gate tout moun ap di se bon pou ou
Pitye pou fanmi w yo ki sakrifye yo pou te ka rive demen
Tonbe nan dwòg, mache vòlè, ou nan tout sa ki pa bon
Epi se yo ankò ki pi subi humiliation
Ou menm ti inkonsyan ki pa sonje mizè yo te pase pou ou
Kilè w'a pran konsyans?

Fò n pa chita koute konsèy move zanmi
Fò n pa koute zanmi, zanmi k'ap betize

Si nou pa vle tonbe nan pwoblèm
Fò n pa ret chita koute zanmi
Zanmi kape betize

Fò n pa chita koute konsèy move zanmi
Fò n pa koute zanmi, zanmi k'ap betize

Fò n pa chita koute konsèy move zanmi

Inkonsyan

Fè lajan nan bon kondisyon
N'a evite prizon e humiliation
Travay pou fè lajan nan bon kondisyon
N'a evite prizon e humiliation

Azibidibip pop pode
Azibidibiw azibidibiw