Dènye Chans Mwen -Harmonik

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Gad jan Bondye renmen m tout bon vre
Mwen te panse m te fin epwize
Li voye on dènye grenn vin sove m
Se kòmsi m santi m resisite
Ou ban m yon atansyon distenge
Pou ou m pap pè met men m nan dife
Tankou yon zam ki rete on sèl katouch
Mwen rete kwè dènye kou a se ou

[Hook]
Ou se dènye chans mwen
Dènye chans mwen (3x)

[Verse]
Lèzòm te panse m te fin tonbe
Ou releve m mete m sou de pye m
Tankou rozo, m te pliye men m pa kase
Mwen rete kwè dènye kou a se ou

[Hook]

[Guitar]

Lè w damou wa konprann

[Choir]
Gad jan m renmen w plis pase tèt mwen
Se vre, wi se vre
Gad jan m renmen w plis pase tèt mwen
Se vre

[Verse]
Lè m ap pale de ou mwen pran tout tan mwen
Pou m ba w valè, pou m ba w tout respè
Lè m ap goumen pou ou mwen bliye tèt mwen
Mwen bliye vi m, mwen bliye fanmi

[Choir]
Gad jan m renmen w plis pase tèt mwen
Se vre
Pa gen fake la

[Guitar]
Sere dan l lache kò w
Cheri je t’aime etèrnèlement
Ca c’est du vraix amour
Sere dan w lache kò w

[Verse]
Lè m ap pale de ou mwen pran tout tan mwen
Pou m ba w valè, pou m ba w tout respè
Lè m ap goumen pou ou mwen bliye tèt mwen
Mwen bliye vi m, mwen bliye fanmi

Gad jan m renmen w plis pase tèt mwen
Se vre
Pa gen fake la

[Guitar]
Sere dan w lache kò w
Cheri je t’aime etèrnèlement