Mennen M Lwen-Queen Bee

Genre-Folklore
Year-2016
Produced By-Aspen Money
Bon van'w bèse'm pou fèm dodo
Lèm swaf ou son sous dlo
Sak fè lèm bò kote'w m' pa vle f'on pa kita nago
Reyon solèy mwen douvan jou
Sik krèm nan rapadou
Pran'm mennen'm kote lavi fè nich pou moun damou
Ou fèm chante, fèm kriye
Lèm wè zetwal file m fèmen jem fè on ve

Mwen mande, Bondje tanpri
Si'm ale, pou'l mennen'w jwenn mwen nan paradi
Si'm bite ou ta pran menm ede'm leve
Ede'm mare tche ròb mwen pou'm danse
Fè kòmsiw pa konprann, ke se de ou map pale
Poukiw blije fèm tann, pouw pran menm mennen'm ale
Wo oh oo mennen mwen
Mennen mwen lwen lwen lwen lwen lwen yeah
Avèw mwen byen byen byen byen byen

Devan Bondje m' pap sèmante
Fòw ta nan kèm tonnè krazem
Pouw wè jan flanm dife lanmou ak tout fòs ap boulem
M' pase monte m' pase desann
Kèm anraje li paka tann
Ou pa menm vire gade'm vwa'w ta mande sam pot pou vann
Mwen chante eee, mwen kriye
Si lapli ta tonbe lespwa'm li ta rouze oh oh ooo

Mwen ta swete, on jou a de (2) pou'n ta kontre
Poum ta fèw viv, an aksyon sam vle di lèm chante
Ke tè tranble loraj gronde
Ke vag lanmè pote'm ale
Ey BB tout sam vle se pou'w mennen'm

Wo ohoh mennen mwen
Mennen mwen lwen lwen lwen lwen lwen
Avèw mwen byen byen byen byen byen

Wou ou mennen ohoh mennen"m