Pito N Pat Zanmi-Zèklè

Genre-Konpa
Year-2023
Farinay lapli
sou sapin Furcy
W'ap mache pou ou rantre
Mwen kanpe m'ap gade w

Brouya t'ap karese w, dlo t'ap kouri nan je w
Men kisa k'ap pase w, vin rakonte zanmi w
Men cheve w tou mouye, ti kòw t'ap tranble
Ou kouri vinn kenbe m, o ou te si bèl

Zanmi w ap tande w,
kite kè w pale
Byen depi nou tou piti,
pawòl nou ini

Konsa l'ap rakonte
sa menaj li ap fè l pase
Yo sanlè kase,
men li pa ka lage l

Depi l pale m de li,
se nanm mwen k'ap soufri
Si m te nan plas li,
bèl lanmou ta fleri

Cheri,
pa pale m' de li
Doudou,
poukisa se ou

Cheri...

Lapli fin tonbe,
lanwit mete pye
Zandolit yo pran chante,
li lè pou ale

Chak fwa l gen pou l'ale,
se kè m'ape kenbe
Pou bouch mwen pa chape,
pou pawòl la pa pale

M'ta soulaje si m di l',
men konsa mwen ka pedi l'
Se li k' pi bon zanmi m,
lamitye twò frajil

Cheri,
pa pale m de li
Oh doudou,
pou kisa se ou

Oh cheri...

Oh, Cheri,
pa pale m' de li
Oh, doudou
pou kisa se ou?

Cheri,
pito n' pat zanmi
Wohooo,
pito n' pat zanmi
Wooo, cheri