Ou Pa Pou Mwen-Kaï

Genre-Konpa
Year-2021
Ou pa pou mwen
Si lapriyè te kon mache
Mwen tap genyen'w deja
E si maji te egziste
Abrakadabra ou tap la deja
Pa gon nwit mwen pa reve'w
Men lèm leve ou pa la
E chak jou'k pase m pa wè'w
Pito'm pat janm leve
Men ki kotel konplike
(Youn nan zanmi'l yo se Baby mama'm)
Menm si mwen ta vle eksplike'l
(Youn nan zanmi'l yo te vle banm banm banm)
Tande
Fòm ta rizèz anpil anpil wo
(Fòm ta rizèz anpil anpil)
Poum ta bon nan mitan baz sa wo
Ou pa pou mwen
Ou pa pou mwen
Ou pa pou mwen
Ninpot sam fè ou pap pou mwen (Bis)
Se tankou'w boul yo pot pou mwen
Menm si mwen jwe'l mwen tou mele
Se tankou'w poul nan egzamen
A tout sam konen m pap pase
Ou se tout sam dezire
Sel sam ka fè se admire
Pito se ou m te wè anvan'm tonbe sou pi bon zanmi'w
Men ki kotel konplike
(Youn nan zanmi'l yo se Baby mama'm)
Menm si mwen ta vle eksplike'l
(Youn nan zanmi'l yo te vle banm banm banm)
Tande
Fòm ta rizèz anpil anpil wo
(Fòm ta rizèz anpil anpil)
Poum ta bon nan mitan baz sa wo
Ou pa pou mwen
Ou pa pou mwen
Ou pa pou mwen
Ninpot sam fè ou pap pou mwen (Bis)
Si se pa mwen'w renmen
(Si se pa mwen)
Ou pa gen dwa renmen menm menm
Mwen pa dakò,
Mwen pa dakò
M pa dakò
Pa fout dakò (Bis)
Oh oh oh
Plede poste foto
(Mwen pa dakò)
Pou ka fè tèt mwen cho
(Mwen pa dakò)
Nèg ap fè komantè
(Mwen pa dakò)
Ti emoji ti kè
(Mwen pa dakò)
Mache bay nimewo
(Mwen pa dakò)
Oh wi oh wi ou singo
(Mwen pa dakò)
Neg ap menenw nan bal
(Mwen pa dakò)
Depi sepa nan Kaï
Mwen pap fout dakò (BIS)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016