Fausse Accusation-3Jes

Genre-Konpa
Year-2014
Ouhhh
Sa fè lontan depi'n renmen
Anpil goumen n' still kenbe men
Mpanse lanmou'n tap wè demen
Gade kijan Cherie ou detounen
Pou ou lanmou'n parfait
Se pa sa pou'm ta chwazi fè
Tanpri prete'm atansyon'w
Koute ka mwen men verite baby

[Chorus]
Cherie mka fè ninpòt sèman
Mwen pa janm nan tcheke sèvant la
Tanpri manmi pa banm jouman
Sa son fausse accusation
[2x]

Cherie honey
Mbezwen on moun pou bò kote mwen
Mbezwen on moun pou dòlote mwen
[2x]

San'w pa gen prev ou accuse'm
Menm brize kè'm my heart want you back
[2x]

Epi Ced sizo elektronik la, Wouchhaa!
Ede'm chante
Ohh ohh

Men gad on jaz jaz la rèd tout tan, chanje'l
Wouch
Èh
Ti Dji se mwen
Tounen konpa tounen konpa
Konpa
Medam yo vin chante avèm

Ohh ohh
Sabor
Ti ba men lanmou

Se vre mkonn pran ti jòf mwen
Mete de men nan pòch mwen
Li te konn vle vin pi pròch mwen
Pou li touch mwen
Pou'w te ka flush mwen
Bondye mbezwen'w kom temoin
Madanm mwen meprize mwen
Mwen vle pèdi tèt mwen
Nanm mwen paske'l pa kwè mwen